Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi. Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: — Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman. Jezi menm te konnen sa k t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? Kisa k pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: — Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Menm lè a, nonm lan kanpe devan tout moun, li ranmase kabann li, li pran wout lakay li pandan li t'ap rele: Beniswa Letènèl, byen fò.
Li Lik 5
Koute Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:18-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo