Lik 24:1-9
Lik 24:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen sòti devan bouch kavo a. Yo antre, men yo pa jwenn kò Senyè Jezi. Yo te la konsa, yo pat konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè. Men de moun yo di yo konsa: — Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? Li pa isit la, li resisite. Chonje sa li te di nou lè li te Galile a. Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo. Yo gen pou yo kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve sòti vivan ankò. Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. Yo sòti kite kavo a, y'al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.
Lik 24:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le dimanche matin, très tôt, les femmes vont vers la tombe. Elles apportent l’huile et les parfums qu’elles ont préparés. Elles voient qu’on a roulé la pierre qui fermait la tombe. Elles entrent, mais elles ne trouvent pas le corps du Seigneur Jésus. Elles ne savent pas ce qu’il faut penser. Tout à coup, deux hommes se présentent devant elles, ils portent des vêtements très brillants. Les femmes ont peur et baissent la tête. Les deux hommes leur disent : « Pourquoi cherchez-vous parmi les morts celui qui est vivant ? Il n’est pas ici, mais il s’est réveillé de la mort. En effet, rappelez-vous ce qu’il vous a dit quand il était encore en Galilée : “Le Fils de l’homme doit être livré au pouvoir des pécheurs. Ils vont le clouer sur une croix, et le troisième jour, il se relèvera de la mort.” » Alors les femmes se souviennent des paroles de Jésus. Elles quittent la tombe et elles vont raconter tout cela aux onze disciples et à tous les autres.
Lik 24:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a. Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase.
Lik 24:1-9 New International Version (NIV)
On the first day of the week, very early in the morning, the women took the spices they had prepared and went to the tomb. They found the stone rolled away from the tomb, but when they entered, they did not find the body of the Lord Jesus. While they were wondering about this, suddenly two men in clothes that gleamed like lightning stood beside them. In their fright the women bowed down with their faces to the ground, but the men said to them, “Why do you look for the living among the dead? He is not here; he has risen! Remember how he told you, while he was still with you in Galilee: ‘The Son of Man must be delivered over to the hands of sinners, be crucified and on the third day be raised again.’ ” Then they remembered his words. When they came back from the tomb, they told all these things to the Eleven and to all the others.
Lik 24:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le dimanche matin de très bonne heure, les femmes se rendirent au tombeau emportant les huiles aromatiques qu’elles avaient préparées. Elles découvrirent que la pierre fermant l’entrée du sépulcre avait été roulée à quelque distance de l’ouverture. Elles pénétrèrent à l’intérieur, mais ne trouvèrent pas le corps du Seigneur Jésus. Pendant qu’elles en étaient encore à se demander ce que cela signifiait, deux personnages vêtus d’habits étincelants se tinrent tout à coup devant elles. Elles étaient tout effrayées et baissaient les yeux vers le sol. Ils leur dirent alors : Pourquoi cherchez-vous parmi les morts celui qui est vivant ? Il n’est plus ici, mais il est ressuscité. Rappelez-vous ce qu’il vous disait quand il était encore en Galilée : « Il faut que le Fils de l’homme soit livré entre les mains des pécheurs, qu’il soit crucifié, et qu’il ressuscite le troisième jour. » Elles se souvinrent alors des paroles de Jésus. Elles revinrent du tombeau et allèrent tout raconter aux Onze, ainsi qu’à tous les autres disciples.