Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a. Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase.
Li Lik 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 24:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo