Lik 22:47-53
Lik 22:47-53 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li. Men, Jezi di li: — Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a? Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sa k ta pral rive, yo mande li: — Mèt, eske nou mèt voye kout nepe? Yonn ladan yo gentan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi di yo: — Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li. Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: — Nou vin dèyè m ak nepe epi baton, tankou si m te yon ansasen. Mwen te nan Tanp lan ak nou chak jou, men nou pa te chache arete mwen. Jodi a, se jou pa nou, se jou pouvwa fòs fènwa a.
Lik 22:47-53 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant que Jésus dit cela, une foule de gens arrive. Celui qui s’appelle Judas, l’un des douze apôtres, marche devant eux. Il vient auprès de Jésus pour l’embrasser. Jésus lui dit : « Judas, c’est en embrassant le Fils de l’homme que tu le livres ! » Les disciples de Jésus voient ce qui va se passer. Ils lui demandent : « Seigneur, est-ce que nous devons nous servir de l’épée ? » L’un d’eux frappe le serviteur du grand-prêtre et il lui coupe l’oreille droite. Mais Jésus prend la parole : « Laissez faire ! Cela suffit. » Il touche l’oreille du serviteur et le guérit. Ensuite, Jésus dit aux chefs des prêtres, aux chefs des gardes du temple et aux anciens qui sont venus l’arrêter : « Vous êtes venus avec des épées et des bâtons, comme pour prendre un bandit ! Pourtant, tous les jours, j’étais avec vous dans le temple, et vous n’avez pas cherché à m’arrêter. Mais pour vous, maintenant, c’est le moment, c’est le moment où les forces du mal agissent dans la nuit. »
Lik 22:47-53 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li. Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li. Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”
Lik 22:47-53 New International Version (NIV)
While he was still speaking a crowd came up, and the man who was called Judas, one of the Twelve, was leading them. He approached Jesus to kiss him, but Jesus asked him, “Judas, are you betraying the Son of Man with a kiss?” When Jesus’ followers saw what was going to happen, they said, “Lord, should we strike with our swords?” And one of them struck the servant of the high priest, cutting off his right ear. But Jesus answered, “No more of this!” And he touched the man’s ear and healed him. Then Jesus said to the chief priests, the officers of the temple guard, and the elders, who had come for him, “Am I leading a rebellion, that you have come with swords and clubs? Every day I was with you in the temple courts, and you did not lay a hand on me. But this is your hour—when darkness reigns.”
Lik 22:47-53 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il n’avait pas fini de parler, quand toute une troupe surgit. A sa tête marchait le nommé Judas, l’un des Douze. Il s’approcha de Jésus pour l’embrasser. Mais Jésus lui dit : Judas, c’est par un baiser que tu trahis le Fils de l’homme ! En voyant ce qui allait se passer, les compagnons de Jésus lui demandèrent : Maître, devons-nous frapper avec nos épées ? Et, immédiatement, l’un d’eux frappa le serviteur du grand-prêtre et lui emporta l’oreille droite. Mais Jésus les retint en disant : Laissez faire, même ceci! Puis il toucha l’oreille du blessé et le guérit. Il se tourna ensuite vers les chefs des prêtres, les chefs des gardes du Temple et les responsables du peuple qui avaient accompagné cette troupe pour le prendre. – Me prenez-vous pour un bandit pour que vous soyez venus avec épées et gourdins ? J’étais chaque jour avec vous dans la cour du Temple, et personne n’a mis la main sur moi ; mais maintenant c’est votre heure et les ténèbres vont exercer leur pouvoir.