Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li. Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li. Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”
Li Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:47-53
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo