Lik 22:14-20
Lik 22:14-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè lè a rive, Jezi te atab ak disip yo. Li di yo: — Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan mal soufri. Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l di: — Men gode sa a, separe l bay chak moun nan nou; paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li. Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo: — Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.
Lik 22:14-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand l’heure est venue, Jésus s’installe pour le repas avec les apôtres. Il leur dit : « J’ai beaucoup désiré manger ce repas de la Pâque avec vous, avant de souffrir. Oui, je vous le dis, je ne mangerai plus ce repas jusqu’au jour où Dieu l’offrira dans son Royaume. » Ensuite, on donne une coupe de vin à Jésus. Il remercie Dieu, puis il dit : « Prenez cette coupe et partagez ce vin entre vous. Oui, je vous le dis, à partir de maintenant, je ne boirai plus de vin jusqu’à ce que le Royaume de Dieu arrive. » Ensuite, Jésus prend du pain, il remercie Dieu, il partage le pain et le donne aux disciples en disant : « Ceci est mon corps donné pour vous. Faites cela en souvenir de moi. » À la fin du repas, Jésus prend aussi la coupe de vin. Il dit : « Cette coupe est la nouvelle alliance de Dieu, parce que mon sang est versé pour vous.
Lik 22:14-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak kon sa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.” Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.” Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”
Lik 22:14-20 New International Version (NIV)
When the hour came, Jesus and his apostles reclined at the table. And he said to them, “I have eagerly desired to eat this Passover with you before I suffer. For I tell you, I will not eat it again until it finds fulfillment in the kingdom of God.” After taking the cup, he gave thanks and said, “Take this and divide it among you. For I tell you I will not drink again from the fruit of the vine until the kingdom of God comes.” And he took bread, gave thanks and broke it, and gave it to them, saying, “This is my body given for you; do this in remembrance of me.” In the same way, after the supper he took the cup, saying, “This cup is the new covenant in my blood, which is poured out for you.
Lik 22:14-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quand ce fut l’heure, Jésus se mit à table, avec les apôtres. Il leur dit : J’ai vivement désiré célébrer cette Pâque avec vous avant de souffrir. En effet, je vous le déclare, je ne la mangerai plus jusqu’au jour où tout ce qu’elle signifie sera accompli dans le royaume de Dieu. Puis il prit une coupe, prononça la prière de reconnaissance et dit : Prenez cette coupe et partagez-la entre vous, car, je vous le déclare : dorénavant, je ne boirai plus du fruit de la vigne jusqu’à ce que le royaume de Dieu vienne. Ensuite il prit du pain, remercia Dieu, le partagea en morceaux qu’il leur donna en disant : Ceci est mon corps [qui est donné pour vous. Faites cela en souvenir de moi. Après le repas, il fit de même pour la coupe, en disant : Ceci est la coupe de la nouvelle alliance conclue par mon sang qui va être versé pour vous…. ]