Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak kon sa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.” Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.” Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”
Li Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:14-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo