Lik 2:41-52
Lik 2:41-52 1998 Haïtienne (HAT98)
Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap retounen lakay yo. Pitit la menm rete Jerizalèm san papa li ak manman li pa konn sa. Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo gentan fè yon jounen ap mache. Se lè sa a, yo pran chache li pami fanmi yo ak zanmi yo. Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo kèsyon tou. Tout moun ki t'ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t'ap reponn yo. Lè papa l ak manman l wè l, yo pat manke sezi. Manman li di l konsa: — Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m nou pa chache ou. Ou fè kè n kase. Jezi di yo: — Poukisa pou n'ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? Men yo pat konprann sa l t'ap di yo. Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Lik 2:41-52 New International Version (NIV)
Every year Jesus’ parents went to Jerusalem for the Festival of the Passover. When he was twelve years old, they went up to the festival, according to the custom. After the festival was over, while his parents were returning home, the boy Jesus stayed behind in Jerusalem, but they were unaware of it. Thinking he was in their company, they traveled on for a day. Then they began looking for him among their relatives and friends. When they did not find him, they went back to Jerusalem to look for him. After three days they found him in the temple courts, sitting among the teachers, listening to them and asking them questions. Everyone who heard him was amazed at his understanding and his answers. When his parents saw him, they were astonished. His mother said to him, “Son, why have you treated us like this? Your father and I have been anxiously searching for you.” “Why were you searching for me?” he asked. “Didn’t you know I had to be in my Father’s house?” But they did not understand what he was saying to them. Then he went down to Nazareth with them and was obedient to them. But his mother treasured all these things in her heart. And Jesus grew in wisdom and stature, and in favor with God and man.
Lik 2:41-52 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Chaque année, les parents de Jésus vont à Jérusalem pour la fête de la Pâque. Quand Jésus a douze ans, il vient avec eux, comme c’est la coutume. Après la fête, ils repartent, mais l’enfant Jésus reste à Jérusalem, et ses parents ne s’en aperçoivent pas. Ils pensent que l’enfant est avec les autres voyageurs. Ils marchent pendant une journée, puis ils se mettent à le chercher parmi leurs parents et leurs amis. Mais ils ne le trouvent pas. Alors ils retournent à Jérusalem en le cherchant. Le troisième jour, ils trouvent l’enfant dans le temple. Il est assis au milieu des maîtres juifs, il les écoute et leur pose des questions. Tous ceux qui entendent l’enfant sont surpris par ses réponses pleines de sagesse. Quand ses parents le voient, ils sont vraiment très étonnés, et sa mère lui dit : « Mon enfant, pourquoi est-ce que tu nous as fait cela ? Regarde ! Ton père et moi, nous étions très inquiets en te cherchant. » Il leur répond : « Vous m’avez cherché, pourquoi ? Vous ne savez donc pas que je dois être dans la maison de mon Père ? » Mais ses parents ne comprennent pas cette parole. Ensuite, Jésus retourne avec eux à Nazareth. Il obéit à ses parents. Sa mère garde toutes ces choses dans son cœur. Jésus grandit, sa sagesse se développe et il se rend agréable à Dieu et aux hommes.
Lik 2:41-52 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la. Lè Jezi te gen douz an, li akonpanye paran yo ki t ap monte Jerizalèm pou fèt la kòm dabitid. Lè peryòd fèt la te fin pase, paran yo pran wout pou tounen lakay, men Jezi li menm te rete Jerizalèm san paran yo pa t reyalize sa. Yo te vwayaje pandan tout yon jounen avèk lide Jezi te nan foul la. Apre sa, yo kòmanse chache li nan pami zanmi ak fanmi ki te nan wout la ak yo. Men, yo pa t jwenn li. Konsa, yo te blije tounen Jerizalèm pou y al chache li. Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou. Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.” Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.” Men yo pa t konprann anyen nan sa li te di yo a. Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li. Firamezi Jezi t ap grandi, li t ap kontinye devlope tou nan sajès epi ni Bondye ni lèzòm te apresye l anpil.
Lik 2:41-52 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Les parents de Jésus se rendaient chaque année à Jérusalem pour la fête de la Pâque. Quand Jésus eut douze ans, ils y montèrent selon la coutume de la fête. Une fois la fête terminée, ils prirent le chemin du retour, mais Jésus, leur fils, resta à Jérusalem et ses parents ne s’en aperçurent pas. Ils supposaient, en effet, qu’il se trouvait avec leurs compagnons de voyage et firent ainsi une journée de marche. Ils se mirent alors à le chercher parmi leurs parents et leurs connaissances. Mais ils ne le trouvèrent pas. Aussi retournèrent-ils à Jérusalem pour le chercher. Trois jours plus tard, ils le retrouvèrent dans le Temple, assis au milieu des maîtres ; il les écoutait et leur posait des questions. Tous ceux qui l’entendaient s’émerveillaient de son intelligence et de ses réponses. Ses parents furent très étonnés de le voir là, et sa mère lui dit : Mon enfant, pourquoi nous as-tu fait cela ? Tu sais, ton père et moi, nous étions très inquiets et nous t’avons cherché partout. – Pourquoi m’avez-vous cherché ? leur répondit Jésus. Ne saviez-vous pas que je dois m’occuper des affaires de mon Père ? Mais ils ne comprirent pas ce qu’il leur disait. Il repartit donc avec eux et retourna à Nazareth. Et il leur était obéissant. Sa mère gardait précieusement dans son cœur le souvenir de tout ce qui s’était passé. Jésus grandissait et progressait en sagesse, et il se rendait toujours plus agréable à Dieu et aux hommes.