Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la. Lè Jezi te gen douz an, li akonpanye paran yo ki t ap monte Jerizalèm pou fèt la kòm dabitid. Lè peryòd fèt la te fin pase, paran yo pran wout pou tounen lakay, men Jezi li menm te rete Jerizalèm san paran yo pa t reyalize sa. Yo te vwayaje pandan tout yon jounen avèk lide Jezi te nan foul la. Apre sa, yo kòmanse chache li nan pami zanmi ak fanmi ki te nan wout la ak yo. Men, yo pa t jwenn li. Konsa, yo te blije tounen Jerizalèm pou y al chache li. Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou. Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.” Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.” Men yo pa t konprann anyen nan sa li te di yo a. Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li. Firamezi Jezi t ap grandi, li t ap kontinye devlope tou nan sajès epi ni Bondye ni lèzòm te apresye l anpil.
Li Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:41-52
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo