Lik 2:22-35

Lik 2:22-35 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:22-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, le moment arrive où Marie et Joseph doivent faire la cérémonie de purification, comme la loi de Moïse le demande. Alors ils amènent l’enfant à Jérusalem pour le présenter au Seigneur. En effet, la loi du Seigneur dit : « Il faut donner au Seigneur le premier garçon né dans une famille. » Marie et Joseph offrent aussi le sacrifice que la loi du Seigneur demande : deux tourterelles ou deux jeunes pigeons . À Jérusalem, il y a un homme appelé Siméon. Cet homme est juste et fidèle à Dieu et il attend celui qui doit être la force du peuple d’Israël. L’Esprit Saint est avec Siméon et il lui a dit à l’avance : « Tu ne mourras pas avant de voir le Messie du Seigneur Dieu. » Alors, Siméon, poussé par l’Esprit Saint, va dans le temple. À ce moment-là, les parents de Jésus amènent leur enfant pour faire ce que la loi du Seigneur demande pour lui. Siméon prend l’enfant dans ses bras, il remercie Dieu en disant : « Maintenant, Seigneur, tu peux laisser ton serviteur mourir dans la paix, comme tu l’as dit. Oui, mes yeux ont vu le salut que tu nous donnes. Tu l’as préparé devant tous les peuples. C’est la lumière qui te fera connaître au monde entier, c’est la gloire de ton peuple Israël. » Le père et la mère de l’enfant sont étonnés de ce que Siméon dit de lui. Siméon les bénit et il dit à Marie, la mère de Jésus : « À cause de ton enfant, beaucoup en Israël vont tomber ou se relever. Il sera un signe de Dieu, mais les gens le rejetteront. Ainsi on connaîtra les pensées cachées dans le cœur de beaucoup de personnes. Et toi, Marie, la souffrance te transpercera comme une lance. »

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:22-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.” Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis, dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou. Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di: “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè, jan ou te pwomèt mwen an. Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a. Ou prepare l mete devan je tout pèp yo. Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.” Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:22-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puis, une fois passé le temps prescrit par la Loi de Moïse pour leur purification, les parents de Jésus l’emmenèrent à Jérusalem pour le présenter au Seigneur. En effet, il est écrit dans la Loi du Seigneur : Tout garçon premier-né sera consacré au Seigneur . Ils venaient aussi offrir le sacrifice requis par la Loi du Seigneur : une paire de tourterelles ou deux jeunes pigeons. Il y avait alors, à Jérusalem, un homme appelé Siméon. C’était un homme juste et pieux ; il vivait dans l’attente de la consolation d’Israël, et le Saint-Esprit reposait sur lui. L’Esprit Saint lui avait révélé qu’il ne mourrait pas avant d’avoir vu le Messie, l’Envoyé du Seigneur. Poussé par l’Esprit, il vint au Temple. Quand les parents de Jésus apportèrent le petit enfant pour accomplir les rites qu’ordonnait la Loi, Siméon le prit dans ses bras et loua Dieu en disant : Maintenant, Seigneur, ╵tu laisses ton serviteur s’en aller en paix : ╵tu as tenu ta promesse ; car mes yeux ont vu ╵le salut qui vient de toi, et que tu as suscité ╵en faveur de tous les peuples : il est la lumière ╵ pour éclairer les nations , il sera la gloire ╵d’Israël ton peuple. Le père et la mère de Jésus étaient émerveillés de ce qu’il disait de lui. Siméon les bénit et dit à Marie, sa mère : Sache-le : cet enfant est destiné à être, pour beaucoup en Israël, une occasion de chute ou de relèvement. Il sera un signe qui suscitera la contradiction : ainsi seront dévoilées les pensées cachées de bien des gens. Quant à toi, tu auras le cœur comme transpercé par une épée.

Pataje
Li Lik 2

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an