Lik 2:22-35

Lik 2:22-35 VKF

Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.” Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis, dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou. Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di: “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè, jan ou te pwomèt mwen an. Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a. Ou prepare l mete devan je tout pèp yo. Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.” Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Li Lik 2