Lik 17:11-19
Lik 17:11-19 1998 Haïtienne (HAT98)
Pandan Jezi te nan chemen pou l'al Jerizalèm, li t'ap pase sou fontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. Antan l t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l, yo pale byen fò, yo di l konsa: — Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. Lè Jezi wè yo, li di: — Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. Yonn ladan yo ki wè li geri, li kase tèt tounen, epi li pran rele: Beniswa Letènèl byen fò. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. Jezi pran lapawòl, li di l: — Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l vin fè lwanj Bondye? Epi li di li: — Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
Lik 17:11-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus marche vers Jérusalem. Il traverse la Samarie et la Galilée. Il entre dans un village, et dix lépreux viennent à sa rencontre. Ils restent assez loin de Jésus et ils se mettent à crier : « Jésus, maître, aie pitié de nous ! » Jésus les voit et il leur dit : « Allez vous montrer aux prêtres. » Pendant qu’ils y vont, ils sont guéris. Quand l’un d’eux voit qu’il est guéri, il revient et, à pleine voix, il dit : « Gloire à Dieu ! » Il se jette aux pieds de Jésus, le front contre le sol, et il le remercie. Cet homme est un Samaritain. Alors Jésus dit : « Tous les dix ont été guéris. Et les neuf autres, où sont-ils ? Parmi eux tous, personne n’est revenu pour dire “Gloire à Dieu”. Il n’y a que cet étranger ! » Et Jésus dit au Samaritain : « Lève-toi, va, ta foi t’a sauvé. »
Lik 17:11-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye. Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”
Lik 17:11-19 New International Version (NIV)
Now on his way to Jerusalem, Jesus traveled along the border between Samaria and Galilee. As he was going into a village, ten men who had leprosy met him. They stood at a distance and called out in a loud voice, “Jesus, Master, have pity on us!” When he saw them, he said, “Go, show yourselves to the priests.” And as they went, they were cleansed. One of them, when he saw he was healed, came back, praising God in a loud voice. He threw himself at Jesus’ feet and thanked him—and he was a Samaritan. Jesus asked, “Were not all ten cleansed? Where are the other nine? Has no one returned to give praise to God except this foreigner?” Then he said to him, “Rise and go; your faith has made you well.”
Lik 17:11-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors qu’il se rendait à Jérusalem, Jésus longea la frontière entre la Samarie et la Galilée. A l’entrée d’un village, dix lépreux vinrent à sa rencontre ; ils s’arrêtèrent à distance et se mirent à le supplier à haute voix : Jésus, Maître, aie pitié de nous ! Jésus les vit et leur dit : Allez vous montrer aux prêtres ! Pendant qu’ils y allaient, ils furent guéris. L’un d’eux, quand il se rendit compte qu’il était guéri, revint sur ses pas en louant Dieu à pleine voix. Il se prosterna aux pieds de Jésus, face contre terre, et le remercia. Or, c’était un Samaritain. Alors Jésus dit : Ils sont bien dix qui ont été guéris, n’est-ce pas ? Où sont donc les neuf autres ? Il ne s’est donc trouvé personne d’autre que cet étranger pour revenir louer Dieu ? Puis, s’adressant à ce Samaritain, il lui dit : Relève-toi, et va : parce que tu as eu foi en moi, tu es sauvé.