Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye. Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”
Li Lik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 17:11-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo