Lik 14:15-35

Lik 14:15-35 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè l tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: — Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: — Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la konmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare kounyeya. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fenk achte yon tè, fòk mal wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fenk achte senk pè bèf. Mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fenk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. — Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè. Li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun w'a jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m lan. Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: — Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen nonplis. — Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l fè: se pou l chita pou l kalkile konbe sa pral koute l pou l wè si li gen kont lajan pou l fin fè travay la. Si l pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l nan betiz. Y'a di: Nonm lan konmanse bati, men li pa kapab fini. — Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l fè: l'ap chita pou l egzaminen bagay la byen, pou l wè si, avèk dimil (10.000) nonm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) nonm. Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l pou mande l fè aranjman. Jezi di yo ankò: — Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l pa detache kè l sou tou sa l genyen. Sèl, se yon bon bagay. Men si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n fè l sale ankò? Lè sa a, sèl la pa bon pou jete ni atè ni nan fimye. Li annik bon pou voye sa jete. Sa ki ka konprann, konprann.

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:15-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

En entendant ces paroles, un de ceux qui sont à table dit à Jésus : « Il est heureux, celui qui prendra son repas dans le Royaume de Dieu ! » Jésus lui répond par cette histoire : « Un homme prépare un grand repas et il invite beaucoup de monde. À l’heure du repas, il envoie son serviteur dire aux invités : “Venez ! Maintenant, c’est prêt !” Mais tous les invités, l’un après l’autre, se mettent à s’excuser. Le premier dit au serviteur : “Je viens d’acheter un champ et je dois aller le voir. Je t’en prie, excuse-moi.” Un autre dit : “Je viens d’acheter cinq paires de bœufs et je vais les essayer. Je t’en prie, excuse-moi.” Un autre dit : “Je viens de me marier, c’est pourquoi je ne peux pas venir.” Le serviteur revient chez son maître et il lui raconte tout cela. Alors le maître de maison se met en colère et il dit à son serviteur : “Va vite sur les places et dans les rues de la ville, et amène ici les pauvres, les infirmes, les aveugles et les boiteux.” Après un moment, le serviteur vient dire : “Maître, on a fait ce que tu as commandé, et il y a encore de la place.” Le maître dit au serviteur : “Va sur les chemins et près des champs. Ceux que tu rencontreras, oblige-les à entrer chez moi. Ainsi, ma maison sera pleine. En effet, je te dis une chose : parmi ces premiers invités, personne ne mangera de mon repas !” » Plus tard, Jésus est en route, et des foules nombreuses l’accompagnent. Il se tourne vers elles et il dit : « Celui qui vient à moi doit m’aimer plus que son père, sa mère, sa femme, ses enfants, ses frères, ses sœurs et même plus que sa vie. Sinon, cette personne ne peut pas être mon disciple. Celui qui ne porte pas sa croix et qui ne me suit pas, celui-là ne peut pas être mon disciple. « En effet, quand l’un de vous veut construire une grande maison, il commence par s’asseoir et il calcule : “Combien est-ce que cela va coûter ? Est-ce que j’ai assez d’argent pour aller jusqu’au bout ?” Mais s’il pose les fondations sans pouvoir finir la maison, tous ceux qui verront cela se mettront à se moquer de lui. Ils diront : “Cet homme a commencé à construire, mais il n’a pas pu finir !” Et quand un roi part en guerre contre un autre roi, il commence par s’asseoir et il se demande : “J’ai 10 000 soldats. Est-ce que je peux aller combattre mon ennemi qui vient m’attaquer avec 20 000 soldats ?” S’il ne peut pas, il envoie des messagers à l’autre roi, pendant qu’il est encore loin, et il demande à faire la paix. » Jésus ajoute : « Ainsi, parmi vous, si quelqu’un ne laisse pas tout ce qu’il possède, cette personne ne peut pas être mon disciple. « Oui, le sel est une bonne chose, mais quand le sel perd son goût, comment le lui rendre ? On ne peut plus l’utiliser pour la terre ni pour l’engrais. On le jette dehors. Celui qui a des oreilles pour écouter, qu’il écoute ! »

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:15-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Youn nan moun yo ki te chita bò tab la avèk Jezi, lè l tande sa Jezi te di yo, li pran lapawòl li di: “Ala gwo benediksyon pou nenpòt moun ki manje yon repa nan Wayòm Bondye a!” Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m. Yon lòt moun di: Mwen fèk sot achte dis (10) bèf pou m fè travay mwen mache. Fòk mwen al eseye yo. Silvouplè, eskize m. Yon twazyèm moun di: Mwen fèk sot marye ak yon jenn fi la a, kidonk m pa ka nan al nan fèt kounye a. Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini. Lè sèvitè a fin i, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt. Paske m ap di ou sa, menm youn nan moun mwen te envite anvan yo p ap goute nan manje fèt la.” Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: “Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen. Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fin i. Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè. Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.” “Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li, ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? Yon sèl kon sa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:15-35 New International Version (NIV)

When one of those at the table with him heard this, he said to Jesus, “Blessed is the one who will eat at the feast in the kingdom of God.” Jesus replied: “A certain man was preparing a great banquet and invited many guests. At the time of the banquet he sent his servant to tell those who had been invited, ‘Come, for everything is now ready.’ “But they all alike began to make excuses. The first said, ‘I have just bought a field, and I must go and see it. Please excuse me.’ “Another said, ‘I have just bought five yoke of oxen, and I’m on my way to try them out. Please excuse me.’ “Still another said, ‘I just got married, so I can’t come.’ “The servant came back and reported this to his master. Then the owner of the house became angry and ordered his servant, ‘Go out quickly into the streets and alleys of the town and bring in the poor, the crippled, the blind and the lame.’ “ ‘Sir,’ the servant said, ‘what you ordered has been done, but there is still room.’ “Then the master told his servant, ‘Go out to the roads and country lanes and compel them to come in, so that my house will be full. I tell you, not one of those who were invited will get a taste of my banquet.’ ” Large crowds were traveling with Jesus, and turning to them he said: “If anyone comes to me and does not hate father and mother, wife and children, brothers and sisters—yes, even their own life—such a person cannot be my disciple. And whoever does not carry their cross and follow me cannot be my disciple. “Suppose one of you wants to build a tower. Won’t you first sit down and estimate the cost to see if you have enough money to complete it? For if you lay the foundation and are not able to finish it, everyone who sees it will ridicule you, saying, ‘This person began to build and wasn’t able to finish.’ “Or suppose a king is about to go to war against another king. Won’t he first sit down and consider whether he is able with ten thousand men to oppose the one coming against him with twenty thousand? If he is not able, he will send a delegation while the other is still a long way off and will ask for terms of peace. In the same way, those of you who do not give up everything you have cannot be my disciples. “Salt is good, but if it loses its saltiness, how can it be made salty again? It is fit neither for the soil nor for the manure pile; it is thrown out. “Whoever has ears to hear, let them hear.”

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:15-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A ces mots, l’un des convives dit à Jésus : Heureux celui qui prendra part au banquet dans le royaume de Dieu ! Jésus lui répondit : Un jour, un homme avait organisé une grande réception. Il avait invité beaucoup de monde. Lorsque le moment du festin arriva, il envoya son serviteur dire aux invités : « Venez maintenant, tout est prêt. » Mais ceux-ci s’excusèrent tous l’un après l’autre. Le premier lui fit dire : « J’ai acheté un champ et il faut absolument que j’aille le voir. Excuse-moi, je te prie. » Un autre dit : « Je viens d’acquérir cinq paires de bœufs, et je m’en vais les essayer. Excuse-moi, je te prie. » Un autre encore dit : « Je viens de me marier, il m’est donc impossible de venir. » Quand le serviteur fut de retour auprès de son maître, il lui rapporta toutes les excuses qu’on lui avait données. Alors le maître de la maison se mit en colère et dit à son serviteur : « Dépêche-toi ! Va-t’en sur les places et dans les rues de la ville et amène ici les pauvres, les estropiés, les aveugles, les paralysés… ! » Au bout d’un moment, le serviteur vint dire : « Maître, j’ai fait ce que tu m’as dit, mais il y a encore de la place. – Eh bien, lui dit le maître, va sur les chemins, le long des haies, fais en sorte que les gens viennent, pour que ma maison soit pleine. Une chose est sûre : pas un seul des premiers invités ne goûtera à mon festin. » Comme de grandes foules accompagnaient Jésus, il se retourna vers ceux qui le suivaient et leur dit : Si quelqu’un vient à moi et n’est pas prêt à renoncer à son père, sa mère, sa femme, ses enfants, ses frères, ses sœurs, et même à sa propre vie, il ne peut être mon disciple. Celui qui ne porte pas sa croix, et qui ne me suit pas, ne peut être mon disciple. En effet, si l’un de vous veut bâtir une tour, est-ce qu’il ne prend pas d’abord le temps de s’asseoir pour calculer ce qu’elle lui coûtera et de vérifier s’il a les moyens de mener son entreprise à bonne fin ? Sans quoi, s’il n’arrive pas à terminer sa construction après avoir posé les fondations, il risque d’être la risée de tous les témoins de son échec. « Regardez, diront-ils, en voilà un qui a commencé à construire et qui n’a pas pu terminer ! » Ou bien, supposez qu’un roi soit sur le point de partir en guerre contre un autre. Ne prendra-t-il pas le temps de s’asseoir pour examiner s’il peut, avec dix mille hommes, affronter celui qui est sur le point de marcher contre lui avec vingt mille ? S’il se rend compte qu’il en est incapable, il lui enverra une délégation, pendant que l’ennemi est encore loin, pour négocier la paix avec lui. Il en est de même pour vous ; celui qui n’est pas prêt à abandonner tout ce qu’il possède, ne peut pas être mon disciple. Le sel est une bonne chose, mais s’il devient insipide, comment lui rendra-t-on sa saveur ? On ne peut plus l’utiliser, ni pour la terre, ni pour le fumier. Il n’y a plus qu’à le jeter. Celui qui a des oreilles pour entendre, qu’il entende !

Pataje
Li Lik 14