Lik 14:15-35

Lik 14:15-35 HAT98

Lè l tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: — Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: — Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la konmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare kounyeya. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fenk achte yon tè, fòk mal wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fenk achte senk pè bèf. Mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fenk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. — Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè. Li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun w'a jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m lan. Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: — Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen nonplis. — Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l fè: se pou l chita pou l kalkile konbe sa pral koute l pou l wè si li gen kont lajan pou l fin fè travay la. Si l pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l nan betiz. Y'a di: Nonm lan konmanse bati, men li pa kapab fini. — Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l fè: l'ap chita pou l egzaminen bagay la byen, pou l wè si, avèk dimil (10.000) nonm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) nonm. Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l pou mande l fè aranjman. Jezi di yo ankò: — Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l pa detache kè l sou tou sa l genyen. Sèl, se yon bon bagay. Men si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n fè l sale ankò? Lè sa a, sèl la pa bon pou jete ni atè ni nan fimye. Li annik bon pou voye sa jete. Sa ki ka konprann, konprann.

Video for Lik 14:15-35