Jan 21:15-19
Jan 21:15-19 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen plis pase moun sa yo? Simon Pyè reponn: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen ti mouton mwen yo. Li mande li yon dezyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn li: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Fè ou gadò mouton mwen yo. Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: — Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen mouton mwen yo. Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn, ou te konn fè tout zafè ou poukont ou. Ou te konn ale kote ou vle poukont ou. Men lè w'a fin granmoun nèt, w'a leve bra ou, se moun ki va pase sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle. (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè ta pral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: — Swiv mwen.
Jan 21:15-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après le repas, Jésus demande à Simon-Pierre : « Simon, fils de Jean, est-ce que tu as plus d’amour pour moi que ceux-ci ? » Pierre lui répond : « Oui, Seigneur, tu sais que je t’aime. » Jésus lui dit : « Prends soin de mes agneaux. » Une deuxième fois, Jésus lui demande : « Simon, fils de Jean, est-ce que tu m’aimes ? » Pierre lui répond : « Oui, Seigneur, tu sais que je t’aime. » Jésus lui dit : « Sois le berger de mes moutons. » Une troisième fois, Jésus lui demande : « Simon, fils de Jean, est-ce que tu m’aimes ? » Pierre est triste parce que Jésus lui demande une troisième fois : « Est-ce que tu m’aimes ? » Et il dit à Jésus : « Seigneur, tu sais tout, tu sais bien que je t’aime. » Jésus lui dit : « Prends soin de mes moutons. Oui, je te le dis, c’est la vérité : quand tu étais jeune, tu mettais toi-même ta ceinture et tu allais où tu voulais. Quand tu seras vieux, tu étendras les mains. Un autre te mettra ta ceinture et il te conduira là où tu ne veux pas. » Par ces paroles, Jésus annonce de quelle façon Pierre va mourir et donner de la gloire à Dieu. Ensuite Jésus dit à Pierre : « Suis-moi ! »
Jan 21:15-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton m yo.” Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.” Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.” Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?” Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. Jezi te pale kon sa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”
Jan 21:15-19 New International Version (NIV)
When they had finished eating, Jesus said to Simon Peter, “Simon son of John, do you love me more than these?” “Yes, Lord,” he said, “you know that I love you.” Jesus said, “Feed my lambs.” Again Jesus said, “Simon son of John, do you love me?” He answered, “Yes, Lord, you know that I love you.” Jesus said, “Take care of my sheep.” The third time he said to him, “Simon son of John, do you love me?” Peter was hurt because Jesus asked him the third time, “Do you love me?” He said, “Lord, you know all things; you know that I love you.” Jesus said, “Feed my sheep. Very truly I tell you, when you were younger you dressed yourself and went where you wanted; but when you are old you will stretch out your hands, and someone else will dress you and lead you where you do not want to go.” Jesus said this to indicate the kind of death by which Peter would glorify God. Then he said to him, “Follow me!”
Jan 21:15-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après le repas, Jésus s’adressa à Simon Pierre : Simon, fils de Jean, m’aimes-tu plus que ne le font ceux-ci ? – Oui, Seigneur, répondit-il, tu connais mon amour pour toi. Jésus lui dit : Prends soin de mes agneaux. Puis il lui demanda une deuxième fois : Simon, fils de Jean, m’aimes-tu ? – Oui, Seigneur, lui répondit Simon. Tu connais mon amour pour toi. Jésus lui dit : Nourris mes brebis. Jésus lui demanda une troisième fois : Simon, fils de Jean, as-tu de l’amour pour moi ? Pierre fut peiné car c’était la troisième fois que Jésus lui demandait : « As-tu de l’amour pour moi ? » Il lui répondit : Seigneur, tu sais tout, tu sais que j’ai de l’amour pour toi. Jésus lui dit : Prends soin de mes brebis. Vraiment, je te l’assure : quand tu étais plus jeune, tu mettais toi-même ta ceinture et tu allais où tu voulais, mais quand tu seras vieux, tu étendras les bras, un autre nouera ta ceinture et te mènera là où tu n’aimerais pas aller. Par ces mots, il faisait allusion au genre de mort que Pierre allait endurer à la gloire de Dieu. Après avoir dit cela, il ajouta : Suis-moi !