Jan 19:39-42
Jan 19:39-42 1998 Haïtienne (HAT98)
Nikodèm, nonm ki t'al jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant liv lwil lami melanje ak lalwa. Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l nan bann twal fen yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li. Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.
Jan 19:39-42 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Nicodème vient aussi. C’est lui qui était allé trouver Jésus pendant la nuit. Il apporte un mélange de myrrhe et d’autres parfums qui pèse environ 30 kilos. Joseph et Nicodème prennent le corps de Jésus. Ils l’enveloppent dans des bandes de tissu, en mettant le mélange de parfums. Chez les Juifs, c’est la coutume pour enterrer les morts. À l’endroit où on a cloué Jésus sur une croix, il y a un jardin. Dans ce jardin, il y a une tombe neuve, où on n’a jamais enterré personne. C’est le jour où les Juifs préparent le sabbat, et la tombe est toute proche. C’est pourquoi Joseph et Nicodème mettent Jésus dans cette tombe.
Jan 19:39-42 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram konsa. Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou repo a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.
Jan 19:39-42 New International Version (NIV)
He was accompanied by Nicodemus, the man who earlier had visited Jesus at night. Nicodemus brought a mixture of myrrh and aloes, about seventy-five pounds. Taking Jesus’ body, the two of them wrapped it, with the spices, in strips of linen. This was in accordance with Jewish burial customs. At the place where Jesus was crucified, there was a garden, and in the garden a new tomb, in which no one had ever been laid. Because it was the Jewish day of Preparation and since the tomb was nearby, they laid Jesus there.
Jan 19:39-42 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Nicodème vint également. C’était lui qui, auparavant, était allé trouver Jésus de nuit. Il apporta environ trente kilogrammes d’un mélange de myrrhe et d’aloès. Tous deux prirent donc le corps de Jésus et l’enveloppèrent de linges funéraires en y mettant des aromates, selon les usages funéraires des Juifs. Non loin de l’endroit où Jésus avait été crucifié, il y avait un jardin dans lequel se trouvait un tombeau neuf où personne n’avait encore été enseveli. Comme c’était, pour les Juifs, le soir de la préparation du sabbat, ils déposèrent Jésus dans cette tombe parce qu’elle était toute proche.