Nikodèm, nonm ki t'al jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant liv lwil lami melanje ak lalwa. Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l nan bann twal fen yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pat ankò mete pèsonn ladan li. Se te lavèy saba jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sa ki fè, se la yo te mete kò Jezi.
Li Jan 19
Koute Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:39-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo