Ezayi 53:1-9

Ezayi 53:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)

Pèp la va reponn: — Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a? Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l. Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l, se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li. Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen. Yo pran li, yo mete li nan prizon, yo trennen li nan tribinal. Pa te gen pesonn pou te pran ka li, lè yo wete li nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp li a yo te touye li. Yo mete li nan kavo nan mitan tonm moun rich yo. Atout li pa te fè ankenn krim nan, atout manti pa te janm soti nan bouch li a, yo antere li menm kote ak kriminèl yo.

Ezayi 53:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Qui a cru à la nouvelle que nous avons apprise ? Qui a reconnu la puissance du SEIGNEUR ? Devant le SEIGNEUR, le serviteur a grandi comme une petite plante, comme une racine qui sort d’une terre sèche. Il n’avait ni la beauté ni le prestige qui attirent les regards. Son apparence n’avait rien pour nous plaire. Tout le monde le méprisait et l’évitait. C’était un homme qui souffrait, habitué à la douleur. Il était comme quelqu’un que personne ne veut regarder. Nous le méprisions, nous le comptions pour rien. Pourtant, ce sont nos maladies qu’il supportait, c’est de notre souffrance qu’il s’était chargé. Et nous, nous pensions : c’est Dieu qui le punit de cette façon, c’est Dieu qui le frappe et l’abaisse. Mais il était blessé à cause de nos fautes, il était écrasé à cause de nos péchés. La punition qui nous donne la paix est tombée sur lui. Et c’est par ses blessures que nous sommes guéris. Nous étions tous comme des moutons perdus, chacun suivait son propre chemin. Et le SEIGNEUR a fait retomber sur lui nos fautes à nous tous. On l’a fait souffrir, mais lui, il a accepté cela, il a gardé le silence. Comme un agneau qu’on mène à l’abattoir, comme un mouton qui ne crie pas quand on lui coupe sa laine, il a gardé le silence. On l’a arrêté, jugé, puis supprimé. Mais qui a fait attention à ce qui lui arrivait ? Oui, on l’a enlevé du monde des vivants. Il a été frappé à mort à cause des fautes de son peuple. Il a été enterré avec les gens mauvais. Sa tombe est avec les riches. Pourtant, il n’avait rien fait de mal et il n’avait jamais trompé personne.

Ezayi 53:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Qui a cru à notre message ? A qui a été révélée ╵l’intervention de l’Eternel  ? Il a grandi tout droit ╵comme une jeune pousse ou comme une racine ╵sortant d’un sol aride. Il n’avait ni prestance ni beauté pour retenir notre attention ni rien dans son aspect ╵qui pût nous attirer. Il était méprisé, ╵abandonné des hommes, un homme de douleur habitué à la souffrance. Oui, il était semblable ╵à ceux devant lesquels ╵on détourne les yeux. Il était méprisé, et nous n’avons fait de lui aucun cas. Pourtant, en vérité, ╵c’est de nos maladies ╵qu’il s’est chargé, et ce sont nos souffrances ╵qu’il a prises sur lui, alors que nous pensions ╵que Dieu l’avait puni, frappé et humilié. Mais c’est pour nos péchés ╵qu’il a été percé, c’est pour nos fautes ╵qu’il a été brisé. Le châtiment ╵qui nous donne la paix ╵est retombé sur lui et c’est par ses blessures ╵que nous sommes guéris. Nous étions tous errants, ╵pareils à des brebis, chacun de nous allait ╵par son propre chemin : l’Eternel a fait retomber sur lui ╵les fautes de nous tous. Il était maltraité, ╵et il s’est humilié, il n’a pas dit un mot. Semblable à un agneau ╵mené à l’abattoir, tout comme la brebis muette ╵devant ceux qui la tondent, il n’a pas dit un mot. Il a été arraché à la vie ╵avec violence, ╵suite à un jugement. Et qui, parmi les gens ╵de sa génération, ╵s’est soucié de son sort, lorsqu’on l’a retranché du pays des vivants ? Il a été frappé à mort à cause des péchés ╵que mon peuple a commis. On a mis son tombeau ╵avec celui des criminels et son sépulcre ╵avec celui des riches, alors qu’il n’avait pas commis ╵d’acte de violence et que jamais ses lèvres ╵n’avaient produit la tromperie.