Ebre 9:16-28

Ebre 9:16-28 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l la mouri byen mouri. Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l la vivan toujou. Lè moun ki fè l la mouri, se lè sa a testaman an bon. Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon. Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la. Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a. Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan. Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo. Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou. Kris la pat antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou. Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li. Si se pat sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, kounyeya, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

Pataje
Li Ebre 9

Ebre 9:16-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand il y a un testament, il faut prouver la mort de celui qui l’a fait. En effet, un testament est valable seulement après la mort. Quand celui qui l’a fait vit encore, le testament n’a pas de valeur. C’est pourquoi, même la première alliance a dû commencer avec le sang. Devant tout le peuple, Moïse a lu d’abord tous les commandements, comme on les trouve dans la loi. Puis, il a pris le sang des jeunes taureaux et des boucs, avec de l’eau. Ensuite, il a lancé des gouttes de sang sur le livre de la loi et sur tout le peuple avec une branche d’hysope et avec de la laine rouge. Et il a dit : « Ceci est le sang de l’alliance que Dieu vous commande de respecter. » Puis, de la même façon, il a lancé du sang sur la tente et sur tous les objets utilisés pour le service de Dieu. D’après la loi, presque tout devient pur avec le sang. Mais si on ne répand pas de sang, les péchés ne sont pas pardonnés. Si on doit purifier ainsi les copies de ce qui est dans les cieux, alors ce qui est dans les cieux a besoin de sacrifices bien meilleurs. En effet, le Christ n’est pas entré dans un temple fait par des mains humaines, ce temple-là est seulement la copie du vrai lieu saint. Mais c’est dans le ciel même que le Christ est entré où il se présente maintenant en notre faveur devant Dieu. Chaque année, le grand-prêtre juif entre dans le lieu très saint avec du sang qui n’est pas le sien. Mais le Christ, lui, n’est pas entré dans le ciel pour s’offrir plusieurs fois. Sinon, il aurait dû souffrir plusieurs fois depuis la création du monde. En fait, maintenant, en ces temps qui sont les derniers, le Christ s’est montré une fois pour toutes. De cette façon, il a détruit le péché en s’offrant lui-même en sacrifice. Les êtres humains meurent une seule fois, ensuite Dieu les juge. De même, le Christ s’est offert en sacrifice une fois pour toutes, pour enlever les péchés d’un grand nombre de personnes. Il se montrera une deuxième fois, non plus pour enlever le péché, mais pour sauver ceux qui l’attendent.

Pataje
Li Ebre 9

Ebre 9:16-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè gen yon testaman, li enpòtan pou gen prèv ki montre mèt testaman an mouri. Yon testaman pa vo anyen toutotan mèt testaman an vivan. Se lè mèt testaman an mouri sèlman moun ap ka kòmanse aplike sa k ladan l. Se sa k fè menm premye kontra a te bezwen san koule pou bay prèv te gen lanmò anvan moun te kòmanse aplike l. Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo, li melanje l avèk dlo. Lè l fin i, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.” Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye. Prèske tout bagay pirifye ak san selon lalwa Moyiz la. Moun pa ka jwenn padon pou peche yo si pa gen san ki koule. Bagay sa yo se reprezantasyon bagay ki egziste nan syèl la tout bon vre. Yo te sèvi san bèt pou pirifye reprezantasyon sa yo. Men bagay ki reyèl yo bezwen pi bon sakrifis pou pirifye yo. Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou. Granprèt la antre Kote ki pi Sen an yon fwa chak ane. Li antre ak san bèt pou ofri kòm sakrifis. Men Kris pa t monte nan syèl pou ofri san li chak ane. Si Kris te ofri tèt li plizyè fwa, li t ap bezwen soufri plizyè fwa depi kòmansman kreyasyon an. Men li te vini pou ofri tèt li yon sèl fwa pou tout. Li vini nan lè lemonn pa lwen rive nan bout li. Li ofri tèt li kòm sakrifis pou li retire tout peche. Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman. Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.

Pataje
Li Ebre 9

Ebre 9:16-28 New International Version (NIV)

In the case of a will, it is necessary to prove the death of the one who made it, because a will is in force only when somebody has died; it never takes effect while the one who made it is living. This is why even the first covenant was not put into effect without blood. When Moses had proclaimed every command of the law to all the people, he took the blood of calves, together with water, scarlet wool and branches of hyssop, and sprinkled the scroll and all the people. He said, “This is the blood of the covenant, which God has commanded you to keep.” In the same way, he sprinkled with the blood both the tabernacle and everything used in its ceremonies. In fact, the law requires that nearly everything be cleansed with blood, and without the shedding of blood there is no forgiveness. It was necessary, then, for the copies of the heavenly things to be purified with these sacrifices, but the heavenly things themselves with better sacrifices than these. For Christ did not enter a sanctuary made with human hands that was only a copy of the true one; he entered heaven itself, now to appear for us in God’s presence. Nor did he enter heaven to offer himself again and again, the way the high priest enters the Most Holy Place every year with blood that is not his own. Otherwise Christ would have had to suffer many times since the creation of the world. But he has appeared once for all at the culmination of the ages to do away with sin by the sacrifice of himself. Just as people are destined to die once, and after that to face judgment, so Christ was sacrificed once to take away the sins of many; and he will appear a second time, not to bear sin, but to bring salvation to those who are waiting for him.

Pataje
Li Ebre 9

Ebre 9:16-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En effet, là où il y a alliance, il est nécessaire que la mort de celui qui conclut l’alliance soit produite, car une alliance est établie par la mise à mort d’animaux. Elle n’entre pas en vigueur tant que celui qui la conclut est encore en vie. C’est pourquoi la première alliance non plus n’est pas entrée en vigueur sans aspersion de sang. En effet, Moïse a d’abord exposé au peuple entier tous les commandements tels qu’ils se trouvent consignés dans la Loi. Puis il a pris le sang des veaux et des boucs avec de l’eau, de la laine rouge et une branche d’hysope, et il en a aspergé le livre ainsi que tout le peuple, en disant : Ceci est le sang de l’alliance que Dieu a conclue avec vous . Puis il a aspergé aussi, avec le sang, le tabernacle et tous les ustensiles du culte. En fait, selon la Loi, presque tout est purifié avec du sang, et il n’y a pas de pardon des péchés sans que du sang soit versé. Ces objets, qui représentaient des réalités célestes, devaient donc être purifiés de cette manière-là. Il fallait de même que les réalités célestes le soient, elles, par des sacrifices bien meilleurs. Car ce n’est pas dans un sanctuaire construit par des hommes, simple image du véritable, que Christ est entré : c’est dans le ciel même, afin de se présenter maintenant devant Dieu pour nous. De plus, c’est chaque année que le grand-prêtre de l’ancienne alliance pénètre dans le sanctuaire avec du sang qui n’est pas le sien ; mais Christ, lui, n’y est pas entré pour s’offrir plusieurs fois en sacrifice. Autrement, il aurait dû souffrir la mort à plusieurs reprises depuis le commencement du monde. Non, il est apparu une seule fois, à la fin des temps, pour ôter les péchés par son sacrifice. Et comme le sort de tout homme est de mourir une seule fois – après quoi vient son jugement par Dieu – de même, Christ s’est offert une seule fois en sacrifice pour porter les péchés de beaucoup d’hommes. Et il viendra une seconde fois, non plus pour ôter les péchés, mais pour sauver ceux qui attendent de lui leur salut.

Pataje
Li Ebre 9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an