Galat 2:1-21

Galat 2:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, katòz lanne te pase anvan m te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou. Kifè m te moute a, se paske Bondye te fè m konnen pou m te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo Bòn Nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pat vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. Enben, Tit ki te avè m lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pat egzije l sikonsi, atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Men moun sa yo te glise nan mitan nou tankou moun k'ap espyonnen pou fè nou pèdi libète nou gen nan Jezikri a. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n te ka defann verite ki nan Bòn Nouvèl la pou nou menm, moun Galasi. Moun ki te pase pou chèf yo, — mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun — wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pat fè m okenn lòt egzijans. Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l bay jwif yo. Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m apa tou pou m te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo. Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pilye (potomitan) legliz la, yo rekonèt se Bondye ki te ban mwen misyon sa a. Yo bay Banabas ak mwen lamen asosyasyon. Nou tonbe dakò ak mwen pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo. Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pat janm manke fè sa. Men, lè Pyè te vini lavil Antyòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l te fè a pat bon. Lè li te fèk rive, li t'ap manje ak frè ki pa jwif yo byen pwòp. Men lè moun Jak te voye yo vin rive, li rale kò li dèyè, li refize manje ak moun ki pa jwif yo paske li te pè moun ki patizan sikonsizyon yo. Lòt frè jwif yo te konmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. Lè m wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan Bòn Nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pat viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif? Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa sòti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche. Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande. Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, eske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa. Paske, si m'ap rebati sa m te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa. Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m pou m ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a. Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen. Mwen pa voye favè Bondye fè m lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.

Galat 2:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Puis, 14 ans après, je suis retourné à Jérusalem avec Barnabas, j’ai pris aussi Tite avec moi. J’y suis retourné parce que Dieu m’avait dit de le faire. À Jérusalem, j’ai présenté aux chrétiens la Bonne Nouvelle que j’annonce à ceux qui ne sont pas juifs. Je l’ai aussi présentée aux responsables de l’Église dans une réunion à part. En effet, je ne voulais pas que mon travail d’aujourd’hui et d’hier soit perdu. Mais on n’a même pas obligé Tite, qui était avec moi et qui est grec, à se faire circoncire. Pourtant, des faux frères le voulaient. Ils étaient venus au milieu de nous comme des ennemis. Ils venaient voir comment nous utilisions notre liberté, cette liberté qui nous vient du Christ Jésus. Ils voulaient nous rendre esclaves. Mais nous n’avons pas voulu céder à ces gens-là, même pas un moment, afin de garder pour vous la vérité de la Bonne Nouvelle. Il y avait aussi les responsables de l’Église. D’ailleurs, ce qu’ils étaient, ce n’est pas important pour moi, car Dieu ne fait pas de différence entre les gens. Ces responsables ne m’ont pas obligé à faire quelque chose en plus. Au contraire, ils ont vu ceci : Dieu m’avait demandé d’annoncer la Bonne Nouvelle à ceux qui ne sont pas juifs, et il avait demandé à Pierre de l’annoncer aux Juifs. Dieu a fait de Pierre l’apôtre des Juifs et il a fait de moi l’apôtre de ceux qui ne sont pas juifs. Jacques, Céphas et Jean, sont considérés comme les chefs de l’Église. Eh bien, eux, ils ont reconnu le don que Dieu m’avait fait. Ils nous ont tendu la main, à moi et à Barnabas, pour montrer qu’ils étaient d’accord avec nous. Nous devions partir vers les non-Juifs, et eux, ils devaient aller vers les Juifs. Ils nous ont seulement demandé de nous souvenir des pauvres de leur Église, et je l’ai fait de tout mon cœur. Mais quand Céphas est arrivé à Antioche de Syrie, je me suis opposé à lui devant tout le monde, parce qu’il avait tort. En effet, avant l’arrivée de certaines personnes proches de Jacques, Céphas mangeait avec les frères qui ne sont pas d’origine juive. Mais quand les autres sont arrivés, il s’est éloigné, il n’est plus allé avec les non-Juifs, il avait peur des chrétiens qui défendaient les coutumes juives. Tous les autres frères d’origine juive ont été aussi faux que lui, et leur conduite fausse a même entraîné Barnabas ! Eh bien, j’ai vu qu’ils ne marchaient pas droit selon la vérité de la Bonne Nouvelle. Alors j’ai dit à Céphas devant tout le monde : « Toi, Juif, tu as vécu ici comme ceux qui ne sont pas juifs, tu n’as pas vécu selon la loi de Moïse. Mais maintenant, tu veux forcer ceux qui ne sont pas juifs à faire comme les Juifs ! Pourquoi donc ? » Nous, nous sommes des Juifs de naissance ! Nous n’appartenons pas à d’autres peuples, qui ignorent la loi de Dieu ! Pourtant, nous le savons, les êtres humains ne sont pas rendus justes parce qu’ils obéissent à la loi de Moïse, mais seulement parce qu’ils croient en Jésus-Christ. Et nous aussi, nous avons cru au Christ Jésus pour être reconnus comme justes. Nous avons été reconnus comme justes en croyant au Christ, et non pas en obéissant à la loi. Non, « personne ne sera juste aux yeux de Dieu en obéissant à la loi » . Nous, nous cherchons à être reconnus comme justes grâce au Christ. Mais si on nous trouve pécheurs, nous aussi, qu’est-ce que cela veut dire ? Que le Christ est au service du péché ? Sûrement pas ! En effet, si je retourne à la loi que j’ai abandonnée, je me condamne moi-même. Moi, c’est à cause de la loi que j’ai cessé de vivre pour la loi . Tout ceci est arrivé afin que je vive pour Dieu. Avec le Christ, je suis mort sur la croix. Je vis, mais ce n’est plus moi qui vis, c’est le Christ qui vit en moi. Maintenant, ma vie humaine, je la vis en croyant au Fils de Dieu, qui m’a aimé et qui a donné sa vie pour moi. Je ne veux pas rendre inutile ce don de Dieu. En effet, si c’est la loi qui rend juste, le Christ est mort pour rien !

Galat 2:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a. Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi. Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi. Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò. Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou. Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a. Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo. Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo. Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo. Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè. Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon. Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou. Lòt Juif ki nan legliz Antyòch yo te mete yo ansanm ak Pyè nan menm aksyon ipokrit sa a tou. Menm Banabas te swiv yo nan ipokrizi a tou. Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif? Nou menm, nou se Juif de nesans. Nou pa konsidere tèt nou kòm pechè tankou yo rele moun ki pa Juif yo. Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande. Men, si n ap chache pou Bondye deklare nou dwat devan l sou baz relasyon nou ak Kris, sa vle di nou se pechè tou, menm jan ak moun ki pa Juif yo. Èske sa ta vle di Kris la ap ankouraje peche pou sa? Non, se pa vre! Paske si pou m ta ap eseye fè moun ki pa Juif yo obsève lalwa pou yo sove, epi m gentan fin kraze panse sa a deja, se lè sa a mwen montre mwen se yon moun k ap vyole lalwa. Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris. Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li. Mwen chwazi pou m pa meprize favè Bondye fè m nan. Paske, si se ta lè yon moun fè sa lalwa mande li dwat devan Bondye, enben, nou ta mèt di Kris pa t bezwen mouri.

Galat 2:1-21 New International Version (NIV)

Then after fourteen years, I went up again to Jerusalem, this time with Barnabas. I took Titus along also. I went in response to a revelation and, meeting privately with those esteemed as leaders, I presented to them the gospel that I preach among the Gentiles. I wanted to be sure I was not running and had not been running my race in vain. Yet not even Titus, who was with me, was compelled to be circumcised, even though he was a Greek. This matter arose because some false believers had infiltrated our ranks to spy on the freedom we have in Christ Jesus and to make us slaves. We did not give in to them for a moment, so that the truth of the gospel might be preserved for you. As for those who were held in high esteem—whatever they were makes no difference to me; God does not show favoritism—they added nothing to my message. On the contrary, they recognized that I had been entrusted with the task of preaching the gospel to the uncircumcised, just as Peter had been to the circumcised. For God, who was at work in Peter as an apostle to the circumcised, was also at work in me as an apostle to the Gentiles. James, Cephas and John, those esteemed as pillars, gave me and Barnabas the right hand of fellowship when they recognized the grace given to me. They agreed that we should go to the Gentiles, and they to the circumcised. All they asked was that we should continue to remember the poor, the very thing I had been eager to do all along. When Cephas came to Antioch, I opposed him to his face, because he stood condemned. For before certain men came from James, he used to eat with the Gentiles. But when they arrived, he began to draw back and separate himself from the Gentiles because he was afraid of those who belonged to the circumcision group. The other Jews joined him in his hypocrisy, so that by their hypocrisy even Barnabas was led astray. When I saw that they were not acting in line with the truth of the gospel, I said to Cephas in front of them all, “You are a Jew, yet you live like a Gentile and not like a Jew. How is it, then, that you force Gentiles to follow Jewish customs? “We who are Jews by birth and not sinful Gentiles know that a person is not justified by the works of the law, but by faith in Jesus Christ. So we, too, have put our faith in Christ Jesus that we may be justified by faith in Christ and not by the works of the law, because by the works of the law no one will be justified. “But if, in seeking to be justified in Christ, we Jews find ourselves also among the sinners, doesn’t that mean that Christ promotes sin? Absolutely not! If I rebuild what I destroyed, then I really would be a lawbreaker. “For through the law I died to the law so that I might live for God. I have been crucified with Christ and I no longer live, but Christ lives in me. The life I now live in the body, I live by faith in the Son of God, who loved me and gave himself for me. I do not set aside the grace of God, for if righteousness could be gained through the law, Christ died for nothing!”

Galat 2:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ce n’est que quatorze ans plus tard que je suis remonté à Jérusalem en compagnie de Barnabas. J’avais aussi emmené Tite avec moi. J’ai fait ce voyage pour obéir à une révélation divine. J’y ai exposé l’Evangile que j’annonce parmi les non-Juifs, je l’ai exposé dans un entretien particulier à ceux qui sont les plus considérés. Car je ne voulais pas que tout mon travail passé et futur soit compromis. Or Tite, mon compagnon, était d’origine païenne. Eh bien, on ne l’a même pas obligé à se soumettre au rite de la circoncision. Et cela, malgré la présence de faux frères, des intrus qui s’étaient infiltrés dans nos rangs pour espionner la liberté dont nous jouissons dans notre union avec Jésus-Christ. Ils voulaient faire de nous des esclaves. Mais nous ne leur avons pas cédé un seul instant ni fait la moindre concession afin que la vérité de l’Evangile soit maintenue pour vous. Quelle a été, à cet égard, l’attitude des personnes les plus considérées ? – En fait, ce qu’elles étaient alors m’importe peu, car Dieu ne fait pas de favoritisme. – Eh bien, ces personnes-là ne m’ont pas imposé d’autres directives. Au contraire ! Ils ont constaté que Dieu m’avait confié la charge d’annoncer l’Evangile aux non-Juifs comme à Pierre celle de l’annoncer aux Juifs. – Car celui qui a agi en Pierre pour qu’il soit l’apôtre des Juifs a aussi agi en moi pour que je sois celui des non-Juifs. – Ainsi Jacques, Pierre et Jean, qui sont considérés comme « colonnes » de l’Eglise, ont reconnu que Dieu, dans sa grâce, m’avait confié cette tâche particulière. C’est pourquoi ils nous ont serré la main, à Barnabas et à moi, en signe d’accord et de communion ; et nous avons convenu ensemble que nous irions, nous, vers les peuples païens tandis qu’eux se consacreraient aux Juifs. Ils nous ont seulement demandé de nous souvenir des pauvres – ce que j’ai bien pris soin de faire. Mais, lorsque Pierre est venu à Antioche, je me suis opposé ouvertement à lui, car il avait tort. En effet, avant l’arrivée de quelques personnes de l’entourage de Jacques, il prenait part aux repas communs avec les croyants non juifs ; mais après leur venue, il s’est esquivé et s’est tenu à l’écart, parce qu’il craignait les croyants d’origine juive. Comme lui, les autres chrétiens d’origine juive se sont mis, eux aussi, à cacher leurs véritables convictions, au point que Barnabas lui-même s’est laissé entraîner par leur dissimulation. Mais quand j’ai vu qu’ils ne marchaient pas droit, selon la vérité de l’Evangile, j’ai dit à Pierre devant tous les frères : « Toi qui es juif, tu vis comme un croyant d’origine païenne, et non comme un Juif. Comment peux-tu vouloir obliger les frères et sœurs d’origine païenne à vivre comme des Juifs ? » Nous qui sommes juifs de naissance, nous ne faisons pas partie de ces « pécheurs » que sont les païens. Cependant, nous avons compris qu’on est déclaré juste devant Dieu, non parce qu’on accomplit les œuvres que commande la Loi, mais uniquement par la foi en Jésus-Christ. C’est pourquoi nous avons, nous aussi, placé notre confiance en Jésus-Christ pour être déclarés justes par la foi et non parce que nous aurions accompli ce que la Loi ordonne. Car personne ne sera déclaré juste devant Dieu parce qu’il aura accompli ce qu’ordonne la Loi. Mais si, en cherchant à être déclarés justes dans l’union avec Christ, nous avons montré par là même que nous étions des pécheurs comme les païens, cela signifie-t-il que Christ est complice du péché ? Loin de là ! Car si je remets en vigueur le régime de la Loi que j’ai abandonné, alors je me place moi-même dans la situation d’un homme qui transgresse la Loi. Car c’est par la Loi que je suis mort au régime de la Loi afin de vivre pour Dieu. En effet, je suis crucifié avec Christ. Ce n’est plus moi qui vis, c’est Christ qui vit en moi. Ma vie en tant qu’homme, je la vis maintenant dans la foi au Fils de Dieu qui, par amour pour moi, s’est livré à la mort à ma place. Ainsi, je ne rejette pas la grâce de Dieu car si c’est l’obéissance à la Loi qui permet d’être déclaré juste, alors Christ est mort pour rien !