Galat 2

2
Pòl ak lòt apòt yo
1Apre sa, katòz lanne te pase anvan m te #Tra 15.2 moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou. 2Kifè m te #Gal 2.6,9 moute a, se paske Bondye te fè m konnen pou m te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo Bòn Nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pat vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. 3Enben, #Tra 16.3 Tit ki te avè m lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pat egzije l sikonsi, 4atout #Tra 15.1,24 kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Men moun sa yo te glise nan mitan nou tankou moun k'ap espyonnen pou fè nou pèdi libète nou gen nan Jezikri a. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. 5Nou #Gal 3.1 pa janm ba yo pye sou nou pou n te ka defann verite ki nan Bòn Nouvèl la pou nou menm, moun Galasi.
6Moun ki te pase pou chèf yo, — mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun — wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pat fè m okenn lòt egzijans. 7Okontrè, #Tra 9.15; 15.12; 22.21 yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l bay jwif yo. 8Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m apa tou pou m te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo. 9#Jan 1.42 sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pilye (potomitan) legliz la, yo rekonèt se Bondye ki te ban mwen misyon sa a. Yo bay Banabas ak mwen lamen asosyasyon. Nou tonbe dakò ak mwen pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo. 10Yon #Tra 11.30; 12.25 sèl bagay yo te mande nou: se pou n te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pat janm manke fè sa.
Pòl fè Pyè repwòch
11Men, lè Pyè te vini lavil Antyòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l te fè a pat bon. 12Lè li #Tra 11.3 te fèk rive, li t'ap manje ak frè ki pa jwif yo byen pwòp. Men lè moun Jak te voye yo vin rive, li rale kò li dèyè, li refize manje ak moun ki pa jwif yo paske li te pè moun ki patizan sikonsizyon yo. 13Lòt frè jwif yo te konmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. 14Lè m wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan Bòn Nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pat viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?
Kit ou jwif, kit ou pa jwif, depi ou nan Kris la w'ap delivre
15Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa sòti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche. 16Men, #Tra 15.10,11; Ef 2.8; Wòm 3.20,28; 4.5; 11.6; Sòm 143.2 nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande. 17Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, eske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa. 18Paske, si m'ap rebati sa m te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa. 19Annegad #Wòm 7.6 lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m pou m ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a. 20Se #Jan 13.1; 17.23; 1 Jan 3.16; Gal 1.4 sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen. 21Mwen pa voye favè Bondye fè m lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.

Chwazi Kounye ya:

Galat 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an