Galat 1:1-24

Galat 1:1-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa te voye yon moun chwazi mwen, men se Jezikri menm, ansanm ak Bondye Papa a ki te resisite li nan lanmò, se yo menm menm ki te chwazi mwen apot. Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n'al swiv yon lòt kalite Bòn Nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt Bòn Nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan Bòn Nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li! Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi. M'ap di nou sa, frè m yo, Bòn Nouvèl m'ap anonse a pa sòti nan moun. Paske mwen menm, mwen pat resevwa l nan men pèsonn, ni se pa yon moun ki te moutre m li. Men, se Jezikri menm ki te fè m konnen li. Nou tande pale sa m te konn fè nan tan lontan, lè m te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m te san pitye lè m t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m t'ap chache kraze li. Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo. Men, Bondye fè m favè l, li mete m apa depi nan vant manman m, li rele m pou m te ka sèvi li. Konsa, lè se te lide l pou l te fè m konnen Pitit li a, pou m te ka anonse Bòn Nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pat al mande pèsonn konsèy. Mwen pat moute Jerizalèm nonplis pou m'al wè moun ki te apòt anvan m yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m lavil Damas. Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li. Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a. Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti. Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi. Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pat ankò rekonèt mwen. Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pèsekite nou nan tan lontan an, kounyeya men l'ap mache anonse Bòn Nouvèl li te vle kraze a. Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.

Galat 1:1-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, apôtre, avec tous les frères et sœurs chrétiens qui sont avec moi, j’écris aux Églises de Galatie. Ce ne sont pas des hommes qui m’ont fait apôtre. Je ne le suis pas par l’intermédiaire d’un homme, mais par Jésus-Christ et par Dieu le Père, qui l’a réveillé de la mort. Que Dieu, notre Père, et le Seigneur Jésus-Christ vous bénissent et vous donnent la paix ! Le Seigneur Jésus a donné sa vie pour nous sauver de nos péchés. Il nous a arrachés à ce monde mauvais, comme Dieu notre Père l’a voulu. Rendons gloire à Dieu pour toujours ! Amen. Dieu vous a appelés gratuitement par le Christ, et je m’étonne que vous lui tourniez le dos si vite pour aller vers une autre Bonne Nouvelle. Cela ne veut pas dire qu’il y a une autre Bonne Nouvelle, non ! Il y a seulement des gens qui sèment le désordre chez vous et qui veulent changer la Bonne Nouvelle du Christ. Nous vous avons déjà annoncé la Bonne Nouvelle. Eh bien, si quelqu’un, même nous, ou un ange du ciel, vous annonce une Bonne Nouvelle différente, que Dieu le rejette ! Nous l’avons déjà dit, et je le redis maintenant : si quelqu’un vous annonce une Bonne Nouvelle différente de celle que vous avez reçue, que Dieu le rejette ! Alors, est-ce que je cherche à être d’accord avec les hommes ou avec Dieu ? Est-ce que je cherche à plaire aux hommes ? Si je voulais encore plaire aux hommes, je ne serais plus serviteur du Christ. Frères et sœurs chrétiens, je vous le dis, la Bonne Nouvelle que j’ai annoncée ne vient pas des êtres humains. D’ailleurs, je ne l’ai pas reçue ou apprise par un homme, mais c’est Jésus-Christ qui me l’a fait connaître . En effet, vous avez entendu parler de ma conduite d’autrefois, quand je suivais la religion juive. Vous savez avec quelle violence je faisais souffrir l’Église de Dieu et voulais la détruire. À ce moment-là, je faisais plus de progrès dans la religion juive que beaucoup de camarades juifs de mon âge. Je les dépassais, quand je défendais de toutes mes forces les traditions de mes ancêtres. Mais Dieu m’a choisi dès le ventre de ma mère et, dans sa bonté, il m’a appelé. Un jour, il a décidé de me faire connaître son Fils pour que je l’annonce à ceux qui ne sont pas juifs. Alors, je n’ai demandé conseil à personne, je ne suis pas monté à Jérusalem pour rencontrer ceux qui étaient apôtres avant moi. Mais je suis parti tout de suite en Arabie, puis je suis revenu à Damas. Trois ans après, je suis monté à Jérusalem pour faire la connaissance de Céphas , et je suis resté 15 jours avec lui. Je n’ai pas vu d’autre apôtre, sauf Jacques, le frère du Seigneur. Ce que je vous écris là, je le dis devant Dieu : ce n’est pas un mensonge. Ensuite, je suis allé dans les régions de Syrie et de Cilicie. Mais les communautés chrétiennes de Judée ne m’avaient jamais vu. Elles avaient entendu dire seulement ceci : « Avant, cet homme nous faisait souffrir. Maintenant, il annonce la Bonne Nouvelle de la foi qu’il voulait détruire autrefois. » Et les chrétiens rendaient gloire à Dieu à cause de moi.

Galat 1:1-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi yo. Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris. Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm. Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a. Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo. Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m, epi li te rele m nan gras li. Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy. Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas. Twazan apre Bondye te fin rele m nan, m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè. Mwen te pase kenz jou avè l. Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a. Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a. Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi. Men, pandan tout tan sa a, frè ak sè nan legliz Jezikris ki nan Jide yo pa t janm konnen m. Sèlman tande yo te konn tande pale de mwen. Yo te konn tande moun ap di: “Men nonm ki te konn ap pèsekite nou an ap anonse menm bagay li te konn ap chache kraze a.” Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.

Galat 1:1-24 New International Version (NIV)

Paul, an apostle—sent not from men nor by a man, but by Jesus Christ and God the Father, who raised him from the dead— and all the brothers and sisters with me, To the churches in Galatia: Grace and peace to you from God our Father and the Lord Jesus Christ, who gave himself for our sins to rescue us from the present evil age, according to the will of our God and Father, to whom be glory for ever and ever. Amen. I am astonished that you are so quickly deserting the one who called you to live in the grace of Christ and are turning to a different gospel— which is really no gospel at all. Evidently some people are throwing you into confusion and are trying to pervert the gospel of Christ. But even if we or an angel from heaven should preach a gospel other than the one we preached to you, let them be under God’s curse! As we have already said, so now I say again: If anybody is preaching to you a gospel other than what you accepted, let them be under God’s curse! Am I now trying to win the approval of human beings, or of God? Or am I trying to please people? If I were still trying to please people, I would not be a servant of Christ. I want you to know, brothers and sisters, that the gospel I preached is not of human origin. I did not receive it from any man, nor was I taught it; rather, I received it by revelation from Jesus Christ. For you have heard of my previous way of life in Judaism, how intensely I persecuted the church of God and tried to destroy it. I was advancing in Judaism beyond many of my own age among my people and was extremely zealous for the traditions of my fathers. But when God, who set me apart from my mother’s womb and called me by his grace, was pleased to reveal his Son in me so that I might preach him among the Gentiles, my immediate response was not to consult any human being. I did not go up to Jerusalem to see those who were apostles before I was, but I went into Arabia. Later I returned to Damascus. Then after three years, I went up to Jerusalem to get acquainted with Cephas and stayed with him fifteen days. I saw none of the other apostles—only James, the Lord’s brother. I assure you before God that what I am writing you is no lie. Then I went to Syria and Cilicia. I was personally unknown to the churches of Judea that are in Christ. They only heard the report: “The man who formerly persecuted us is now preaching the faith he once tried to destroy.” And they praised God because of me.

Galat 1:1-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Cette lettre vous est adressée par Paul, apôtre, non par une autorité humaine, ni par l’intermédiaire d’un homme, mais par Jésus-Christ et par Dieu, le Père, qui l’a ressuscité. Avec tous les frères et sœurs qui sont avec moi, je salue les Eglises de la Galatie. Que la grâce et la paix vous soient accordées par Dieu notre Père et par le Seigneur Jésus-Christ. Christ s’est offert lui-même en sacrifice pour expier nos péchés, afin de nous délivrer du monde présent dominé par le mal : il a ainsi accompli la volonté de Dieu, notre Père, à qui soit la gloire pour l’éternité ! Amen ! Je m’étonne de la rapidité avec laquelle vous abandonnez celui qui vous a appelés par la grâce de Christ, pour vous tourner vers un autre Evangile. Comme s’il pouvait y avoir un autre Evangile ! Mais il y a des gens qui sèment le trouble parmi vous et qui veulent renverser l’Evangile de Christ. Eh bien, si quelqu’un – même nous, même un ange du ciel – vous annonçait un Evangile différent de celui que nous vous avons annoncé, qu’il soit maudit  ! Je l’ai déjà dit et je le répète maintenant : si quelqu’un vous prêche un autre Evangile que celui que vous avez reçu, qu’il soit maudit ! Qu’en pensez-vous maintenant ? Est-ce la faveur des hommes que je recherche ou celle de Dieu ? Mon désir est-il de plaire aux hommes ? Si je cherchais encore à plaire aux hommes, je ne serais pas serviteur de Christ. Je veux que vous le sachiez, frères et sœurs : l’Evangile que je vous ai annoncé n’est pas le fruit d’une pensée humaine. Car je ne l’ai reçu d’aucun homme, personne ne me l’a enseigné ; c’est Jésus-Christ lui-même qui me l’a fait connaître, par une révélation. Vous avez entendu parler de ma conduite passée quand j’étais adepte du judaïsme. Vous savez avec quel fanatisme je persécutais l’Eglise de Dieu, dans le but de la détruire. Dans la pratique du judaïsme, j’allais plus loin que la plupart des Juifs de ma génération, et j’étais bien plus zélé qu’eux pour les traditions que j’avais reçues de mes ancêtres. Mais Dieu m’avait mis à part dès avant ma naissance et, dans sa grâce, il m’a appelé à le connaître. Aussi, dès qu’il lui a plu de révéler en moi son Fils pour que je l’annonce aux non-Juifs, je n’ai consulté personne. Je ne me suis même pas rendu à Jérusalem pour rencontrer ceux qui étaient déjà apôtres avant moi, mais je suis parti pour l’Arabie. De là, je suis retourné à Damas. Ce n’est que trois ans plus tard que je suis allé à Jérusalem pour faire la connaissance de Pierre, chez qui je suis resté quinze jours. A part lui et Jacques, le frère du Seigneur, je n’ai rencontré aucun autre apôtre. – Dieu m’est témoin que je ne mens pas en vous écrivant cela. – Ensuite je me suis rendu dans les districts de la Syrie et de la Cilicie. Mais les chrétiens des Eglises de la Judée ne me connaissaient pas personnellement. Ils avaient seulement entendu dire : « Celui qui, autrefois, nous persécutait, prêche maintenant la foi qu’il voulait détruire. » Et ils louaient Dieu à mon sujet.