Egzòd 18:1-27

Egzòd 18:1-27 1998 Haïtienne (HAT98)

Jetwo te pran nouvèl tout sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo te sakrifikatè nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye. Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Kounyeya, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon. Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon Farawon an. Se sa ki fè li rele lòt la Elyezè. Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l te moute tant li a, sou mòn Bondye a. Jetwo voye di Moyiz: — Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k'ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo. Moyiz sòti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l pou di li bonjou, epi li bo l. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la. Moyiz rakonte bòpè li tout sa Senyèa te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di tout tray yo te pase nan vwayaj la epi kijan Senyè a te delivre yo. Jetwo te kontan anpil lè l tande tout bèl bagay Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo. Jetwo di: — Lwanj pou Senyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Senyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo! Kounyeya mwen konnen Senyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pat vle wè yo! Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Senyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a. Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz. Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l pou pèp la, li di l konsa: — Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman? Moyiz reponn bòpè l konsa: — Se sa pou m fè paske pèp la vin kote m pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans. Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè. Bòpè Moyiz la di l konsa: — Jan w'ap fè l la pa bon. W'ap fin kraze kouraj ou ak tout moun sa yo ki vin chache jijman nan men ou. Paske chay la twò lou. Ou menm sèl pa ka pote li. Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. W'a moutre yo lòd Bondye, Senyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè. Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lèjè pou ou, paske y'a ede ou pote l. Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze. Moyiz koute konsèy bòpè l la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l fè yo. Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm. Apre sa, Moyiz kite bòpè l la pati. Epi Jetwo tounen tounen l nan peyi l.

Egzòd 18:1-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jéthro est prêtre de Madian et beau-père de Moïse. Il entend parler de tout ce que Dieu a fait pour Moïse et pour Israël, son peuple. Il apprend comment le SEIGNEUR les a fait sortir d’Égypte. Jéthro a chez lui sa fille Séfora, la femme de Moïse. Moïse l’a renvoyée chez son père avec ses deux fils. Moïse a appelé l’aîné Guerchom, c’est-à-dire « Étranger-là ». En effet, il disait : « Je me suis installé dans un pays étranger. » Moïse a appelé le plus jeune Éliézer, c’est-à-dire « Mon Dieu vient à mon aide ». Il disait : « Le Dieu de mon père est venu à mon aide. Il m’a délivré des attaques du roi d’Égypte. » Jéthro, son beau-père, part avec les fils et la femme de Moïse dans le désert, près de la montagne de Dieu . Ils vont rejoindre Moïse là où il campe. Jéthro envoie quelqu’un dire à Moïse : « C’est moi, Jéthro, ton beau-père. Je viens te voir avec ta femme et ses deux fils. » Moïse sort à sa rencontre, il s’incline devant lui, puis il l’embrasse. Ils échangent des nouvelles de leur santé et ils vont sous la tente de Moïse. Moïse raconte à son beau-père tout ce que le SEIGNEUR a fait au roi d’Égypte et aux Égyptiens, à cause d’Israël. Il lui dit toutes les difficultés survenues en cours de route, et comment le SEIGNEUR les a délivrés. Jéthro se réjouit de tout le bien que le SEIGNEUR a fait à Israël en le délivrant du pouvoir des Égyptiens. Jéthro dit : « Remercions le SEIGNEUR, qui vous a délivrés du pouvoir du roi d’Égypte et des Égyptiens. Maintenant, je reconnais que le SEIGNEUR est plus grand que tous les autres dieux. Il a montré cela quand les Égyptiens écrasaient les Israélites. » Ensuite, Jéthro, le beau-père de Moïse, offre à Dieu un sacrifice complet et des sacrifices de communion. Aaron et tous les anciens d’Israël viennent manger le repas devant Dieu, avec le beau-père de Moïse. Le jour suivant, Moïse s’assoit pour rendre la justice. Les gens attendent depuis le matin jusqu’au soir de pouvoir se présenter devant lui. Le beau-père de Moïse voit tout ce que celui-ci fait pour le peuple. Il lui dit : « Pourquoi est-ce que tu travailles ainsi ? Tu es tout seul, et les gens attendent debout, du matin au soir, le moment de se présenter devant toi. Pourquoi donc ? » Moïse répond à Jéthro : « Voilà : les gens viennent me voir pour consulter Dieu. Quand ils ont un problème, ils viennent me trouver. Je juge l’affaire qui les oppose et je leur fais connaître les lois et les enseignements de Dieu. » Jéthro lui dit : « Ta façon de faire n’est pas bonne. Tu vas perdre tes forces, toi, et aussi ceux qui viennent te consulter. Ce travail est vraiment trop lourd pour toi. Tu ne peux pas le faire seul. Maintenant, écoute-moi. Je te donne un conseil, et que Dieu soit avec toi ! Tu dois représenter le peuple devant Dieu, pour lui présenter les affaires. Tu dois aussi faire connaître aux gens les lois et les enseignements de Dieu. Tu dois leur montrer le chemin à suivre et la vie qu’ils doivent mener. Pour le reste, tu vas choisir dans tout le peuple des hommes valables : ils doivent respecter Dieu, aimer la vérité et ne pas se laisser corrompre. Tu vas les nommer comme chefs : chefs de 1 000 hommes, chefs de 100, chefs de 50 et chefs de 10. Ce sont eux qui jugeront le peuple tous les jours. Ils te présenteront les affaires importantes, mais ils jugeront eux-mêmes celles qui sont moins importantes. De cette façon, ta charge sera moins lourde, parce qu’ils la partageront avec toi. Si tu fais cela, et si c’est bien ce que Dieu te commande, tu résisteras à la fatigue. De plus, tout ce peuple rentrera chez lui en paix. » Moïse écoute les conseils de son beau-père et il fait tout ce qu’il a dit. Il choisit parmi tous les Israélites des hommes valables. Il les nomme à la tête du peuple : chefs de 1 000 hommes, chefs de 100, chefs de 50 et chefs de 10. Ils rendent la justice tous les jours. Toutes les affaires difficiles, ils les présentent à Moïse. Mais les affaires moins importantes, ils les jugent eux-mêmes. Puis Moïse dit au revoir à son beau-père, qui s’en va dans son pays.

Egzòd 18:1-27 New International Version (NIV)

Now Jethro, the priest of Midian and father-in-law of Moses, heard of everything God had done for Moses and for his people Israel, and how the LORD had brought Israel out of Egypt. After Moses had sent away his wife Zipporah, his father-in-law Jethro received her and her two sons. One son was named Gershom, for Moses said, “I have become a foreigner in a foreign land”; and the other was named Eliezer, for he said, “My father’s God was my helper; he saved me from the sword of Pharaoh.” Jethro, Moses’ father-in-law, together with Moses’ sons and wife, came to him in the wilderness, where he was camped near the mountain of God. Jethro had sent word to him, “I, your father-in-law Jethro, am coming to you with your wife and her two sons.” So Moses went out to meet his father-in-law and bowed down and kissed him. They greeted each other and then went into the tent. Moses told his father-in-law about everything the LORD had done to Pharaoh and the Egyptians for Israel’s sake and about all the hardships they had met along the way and how the LORD had saved them. Jethro was delighted to hear about all the good things the LORD had done for Israel in rescuing them from the hand of the Egyptians. He said, “Praise be to the LORD, who rescued you from the hand of the Egyptians and of Pharaoh, and who rescued the people from the hand of the Egyptians. Now I know that the LORD is greater than all other gods, for he did this to those who had treated Israel arrogantly.” Then Jethro, Moses’ father-in-law, brought a burnt offering and other sacrifices to God, and Aaron came with all the elders of Israel to eat a meal with Moses’ father-in-law in the presence of God. The next day Moses took his seat to serve as judge for the people, and they stood around him from morning till evening. When his father-in-law saw all that Moses was doing for the people, he said, “What is this you are doing for the people? Why do you alone sit as judge, while all these people stand around you from morning till evening?” Moses answered him, “Because the people come to me to seek God’s will. Whenever they have a dispute, it is brought to me, and I decide between the parties and inform them of God’s decrees and instructions.” Moses’ father-in-law replied, “What you are doing is not good. You and these people who come to you will only wear yourselves out. The work is too heavy for you; you cannot handle it alone. Listen now to me and I will give you some advice, and may God be with you. You must be the people’s representative before God and bring their disputes to him. Teach them his decrees and instructions, and show them the way they are to live and how they are to behave. But select capable men from all the people—men who fear God, trustworthy men who hate dishonest gain—and appoint them as officials over thousands, hundreds, fifties and tens. Have them serve as judges for the people at all times, but have them bring every difficult case to you; the simple cases they can decide themselves. That will make your load lighter, because they will share it with you. If you do this and God so commands, you will be able to stand the strain, and all these people will go home satisfied.” Moses listened to his father-in-law and did everything he said. He chose capable men from all Israel and made them leaders of the people, officials over thousands, hundreds, fifties and tens. They served as judges for the people at all times. The difficult cases they brought to Moses, but the simple ones they decided themselves. Then Moses sent his father-in-law on his way, and Jethro returned to his own country.

Egzòd 18:1-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jéthro, prêtre de Madian et beau-père de Moïse, apprit tout ce que Dieu avait fait en faveur de Moïse et d’Israël son peuple, il apprit comment Dieu avait fait sortir les Israélites d’Egypte. Alors il emmena Séphora, la femme de Moïse, que celui-ci avait précédemment laissé repartir chez elle, ainsi que les deux fils de Séphora. L’aîné s’appelait Guershom (Emigré en ces lieux) parce que Moïse avait dit : « Je suis un émigré dans une terre étrangère ». Il avait nommé le cadet Eliézer (Mon Dieu me secourt) en disant : « Le Dieu de mon père m’a secouru et m’a délivré de l’épée du pharaon. » Jéthro se rendit donc auprès de Moïse, dans le désert, avec la femme et les fils de Moïse, près de la montagne de Dieu où Moïse avait dressé son camp. Il lui fit annoncer : Moi, Jéthro, ton beau-père, je viens te rendre visite avec ta femme et tes deux fils. Moïse sortit à la rencontre de son beau-père, se prosterna devant lui et l’embrassa. Ils prirent réciproquement de leurs nouvelles, puis entrèrent sous la tente. Moïse raconta à son beau-père tout ce que l’Eternel avait fait au pharaon et aux Egyptiens pour délivrer Israël ; il lui parla aussi de toutes les difficultés qu’ils avaient rencontrées en chemin, et lui dit comment l’Eternel les en avait délivrés. Jéthro se réjouit de tout le bien que l’Eternel avait fait à Israël qu’il avait délivré des Egyptiens. – Loué soit l’Eternel, s’écria-t-il, qui vous a délivrés des Egyptiens et du pharaon, qui a libéré le peuple de la domination des Egyptiens. A présent, je reconnais que l’Eternel est plus grand que tous les dieux, car il l’a montré alors qu’on tyrannisait les Israélites. Puis Jéthro, beau-père de Moïse, offrit à Dieu un holocauste et des sacrifices. Aaron et tous les responsables d’Israël vinrent partager le repas sacré avec le beau-père de Moïse en présence de Dieu. Le lendemain, Moïse siégea pour rendre justice au peuple. Du matin au soir, les gens se tinrent devant lui. Lorsque le beau-père de Moïse vit toute la peine que celui-ci se donnait pour le peuple, il lui dit : Pourquoi agis-tu de cette façon pour traiter les affaires du peuple ? Pourquoi sièges-tu seul et pourquoi tout ce monde attend-il debout du matin au soir pour se présenter devant toi ? Moïse lui répondit : C’est que les gens viennent me trouver pour consulter Dieu. Lorsqu’ils ont un différend, ils viennent à moi, et je sers d’arbitre entre les parties ; je leur fais connaître les ordonnances et les lois de Dieu. Le beau-père de Moïse lui dit : Ta façon de faire n’est pas bonne. Tu finiras, à coup sûr, par t’épuiser – toi et le peuple qui est avec toi – car la tâche dépasse tes forces. Tu ne peux pas l’accomplir seul. Maintenant écoute le conseil que je vais te donner, et que Dieu te vienne en aide. Ton rôle est de représenter le peuple auprès de Dieu et de porter les litiges devant lui. Tu dois aussi leur communiquer ses ordonnances et ses lois, leur enseigner la voie à suivre et la conduite à tenir. Pour le reste, choisis parmi le peuple des hommes de valeur, qui craignent Dieu, respectueux de la vérité, incorruptibles ; tu les placeras à la tête du peuple comme chefs de « milliers », chefs de « centaines », chefs de « cinquantaines » et chefs de « dizaines ». Ils seront en tout temps à la disposition du peuple pour juger les affaires ordinaires et ils ne porteront devant toi que les affaires importantes, mais ils jugeront eux-mêmes les cas faciles à régler. Allège ainsi ta charge ! Qu’ils la portent avec toi ! Si tu agis comme je te le conseille et que Dieu te dirige, tu pourras tenir bon et tous ces gens arriveront chez eux dans de bonnes conditions. Moïse suivit le conseil de son beau-père et fit tout ce que celui-ci lui avait suggéré. Il choisit dans tout Israël des hommes capables et les plaça à la tête du peuple comme chefs de « milliers », de « centaines », de « cinquantaines » et de « dizaines ». Ils étaient constamment à la disposition du peuple pour rendre la justice, réglant eux-mêmes les cas faciles et portant devant Moïse les affaires difficiles. Moïse prit congé de son beau-père qui reprit le chemin de son pays.