Egzòd 18

18
Jetwo vizite Moyiz
1Jetwo te pran nouvèl tout sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li #Egz 2.16,18; 3.1 te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo te sakrifikatè nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye. 2Anvan #Egz 2.21 tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Kounyeya, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz 3ansanm #Egz 2.22; Tra 7.29 ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon. 4Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon Farawon an. Se sa ki fè li rele lòt la Elyezè. #18.4: Elyezè: Nan lang ebre a non sa a vle di Se Bondye mwen ki pote m sekou. 5Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l te moute tant li a, sou mòn Bondye a. 6Jetwo voye di Moyiz:
— Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k'ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo.
7Moyiz sòti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l pou di li bonjou, epi li bo l. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la. 8Moyiz rakonte bòpè li tout sa Senyèa te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di tout tray yo te pase nan vwayaj la epi kijan Senyè a te delivre yo. 9Jetwo te kontan anpil lè l tande tout bèl bagay Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo. 10Jetwo di:
— Lwanj pou Senyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Senyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo! 11Kounyeya mwen #2 Kwo 2.5; Sòm 95.3; 97.9; Da 2.47; Lik 1.51 konnen Senyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pat vle wè yo!
12Apre #Det 12.7; 14.26; 1 Kwo 29.22 sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Senyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a.
Chwa premye jij yo
(Detewonòm 1.9-18)
13Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz. 14Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l pou pèp la, li di l konsa:
— Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
15Moyiz reponn bòpè l konsa:
— Se sa pou m fè paske pèp la vin kote m pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans. 16#Det 4.5; 5.1; 17.8,9 yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.
17Bòpè Moyiz la di l konsa:
— Jan w'ap fè l la pa bon. 18W'ap #Nonb 11.14; Det 1.9,12 fin kraze kouraj ou ak tout moun sa yo ki vin chache jijman nan men ou. Paske chay la twò lou. Ou menm sèl pa ka pote li. 19Bon. #Nonb 27.5; Det 5.5 Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. 20W'a #Det 1.18; 4.1; Sòm 143.8 moutre yo lòd Bondye, Senyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè. 21Men, #Det 1.15; Tra 6.3 w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. 22Moun #Lev 24.11; Nonb 11.17; 15.33; 27.2; 36.1; Det 1.17 sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lèjè pou ou, paske y'a ede ou pote l. 23Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
24Moyiz koute konsèy bòpè l la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l fè yo. 25Moyiz #Nonb 1.16; Det 1.15 chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. 26Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
27Apre #Nonb 10.29-32 sa, Moyiz kite bòpè l la pati. Epi Jetwo tounen tounen l nan peyi l.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an