Estè 4:1-17

Estè 4:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò. Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gendwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo. Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife. Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men, Madoche derefize. Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa. Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a. Madoche rakonte l tou sa ki te rive l, ki jan Aman te pwomèt pou l te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo. Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l pou l pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l sitirasyon an, lèfini pou Estè al bò kote wa a pou pale avè l, pou mande l gras pou pèp li a. Atach al di Estè tou sa Madoche te di l. Estè menm voye Atach di Madoche konsa: — Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gendwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l. Si yon moun fè sa, y'ap touye l. Se lalwa. Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen. Lè Atach bay Madoche mesay Estè a, Madoche voye repons sa a bay Estè: — Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete. Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, tanpi pou ou. Pèp jwif la ap ka toujou jwenn delivrans. Men ou pa janm konnen si se pa pou ka pare kou sa a ki fè ou larenn jodi a. Estè voye reponn Madoche: — Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri. Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l fè a.

Estè 4:1-17 New International Version (NIV)

When Mordecai learned of all that had been done, he tore his clothes, put on sackcloth and ashes, and went out into the city, wailing loudly and bitterly. But he went only as far as the king’s gate, because no one clothed in sackcloth was allowed to enter it. In every province to which the edict and order of the king came, there was great mourning among the Jews, with fasting, weeping and wailing. Many lay in sackcloth and ashes. When Esther’s eunuchs and female attendants came and told her about Mordecai, she was in great distress. She sent clothes for him to put on instead of his sackcloth, but he would not accept them. Then Esther summoned Hathak, one of the king’s eunuchs assigned to attend her, and ordered him to find out what was troubling Mordecai and why. So Hathak went out to Mordecai in the open square of the city in front of the king’s gate. Mordecai told him everything that had happened to him, including the exact amount of money Haman had promised to pay into the royal treasury for the destruction of the Jews. He also gave him a copy of the text of the edict for their annihilation, which had been published in Susa, to show to Esther and explain it to her, and he told him to instruct her to go into the king’s presence to beg for mercy and plead with him for her people. Hathak went back and reported to Esther what Mordecai had said. Then she instructed him to say to Mordecai, “All the king’s officials and the people of the royal provinces know that for any man or woman who approaches the king in the inner court without being summoned the king has but one law: that they be put to death unless the king extends the gold scepter to them and spares their lives. But thirty days have passed since I was called to go to the king.” When Esther’s words were reported to Mordecai, he sent back this answer: “Do not think that because you are in the king’s house you alone of all the Jews will escape. For if you remain silent at this time, relief and deliverance for the Jews will arise from another place, but you and your father’s family will perish. And who knows but that you have come to your royal position for such a time as this?” Then Esther sent this reply to Mordecai: “Go, gather together all the Jews who are in Susa, and fast for me. Do not eat or drink for three days, night or day. I and my attendants will fast as you do. When this is done, I will go to the king, even though it is against the law. And if I perish, I perish.” So Mordecai went away and carried out all of Esther’s instructions.

Estè 4:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand Mardochée apprend ce qui s’est passé, il déchire ses vêtements, il met un habit de deuil et se couvre la tête de cendre. Il sort dans la ville et pousse de grands cris de douleur. Puis il arrive devant le palais royal et s’arrête. En effet, personne n’a le droit d’entrer dans le palais avec un habit de deuil. Dans chaque province du royaume là où l’ordre du roi est arrivé, les Juifs sont bouleversés. Ils jeûnent, ils pleurent et font entendre des chants de deuil. Beaucoup portent un habit de deuil et se couchent sur de la cendre . Les servantes et les eunuques de la reine Esther viennent lui raconter ce qui arrive, et la reine est effrayée. Elle envoie des vêtements à Mardochée pour qu’il enlève son habit de deuil, mais il ne les accepte pas. Alors Esther fait appeler Hatak, un des eunuques que le roi a mis à son service. Elle l’envoie demander à Mardochée ce qui se passe et pourquoi il agit ainsi. Hatak sort pour rencontrer Mardochée sur la place de la ville, en face du palais royal. Mardochée lui raconte tout ce qui lui est arrivé. Il lui parle aussi de la somme d’argent que Haman a promis de verser dans le trésor royal si tous les Juifs sont tués. Il donne également à Hatak le texte de l’ordre écrit publié à Suse pour supprimer les Juifs. Il lui dit : « Mets Esther au courant de la situation, montre-lui ce texte et explique-lui ce qu’il signifie. Dis-lui d’aller trouver le roi pour demander sa pitié. Qu’elle le supplie pour le peuple auquel elle appartient. » Hatak rapporte à Esther les paroles de Mardochée. Alors Esther le charge de répondre ceci à Mardochée : « Tout le monde, depuis les serviteurs du roi jusqu’aux habitants des provinces du royaume, connaissent cette loi : toute personne, homme ou femme, qui entre dans la cour intérieure du palais, sans être appelée par le roi, doit mourir. Elle peut vivre seulement si le roi lui tend son bâton d’or . Mais cela fait un mois que je n’ai pas été appelée à me rendre auprès du roi. » Quand Mardochée reçoit la réponse d’Esther, il lui fait dire ceci : « Ne t’imagine pas que toi seule, parmi tous les Juifs, tu pourras échapper au danger, parce que tu vis dans le palais royal. En effet, si tu refuses d’intervenir en cette occasion, les Juifs recevront de l’aide d’ailleurs, et ils seront sauvés. Mais toi, tu seras tuée et ta famille n’existera plus. Et qui sait ? C’est peut-être pour une situation comme celle-ci que tu es devenue reine. » Alors Esther envoie ce message à Mardochée : « Va réunir tous les Juifs qui se trouvent à Suse, et jeûnez pour moi. Pendant trois jours et trois nuits, ne mangez pas et ne buvez pas. Mes servantes et moi, nous agirons de la même façon de notre côté. Puis je me rendrai auprès du roi, même si c’est contraire à la loi. Et si je dois mourir, je mourrai ! » Alors Mardochée s’en va et il fait ce qu’Esther lui a demandé.

Estè 4:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Madoche te twouble anpil lè l tande tout sa ki te pase. Li chire rad sou li a epi li mete yon rad dèy sou li. Li jete pousyè tè sou tèt li epi li pran mache nan tout vil la, li t ap kriye byen fò. Men, li te rive sèlman devan pòtay palè a, paske yo pa t pèmèt li antre nan baryè a ak rad dèy sou li. Nan chak pwovens dekrè sa a te rive, Jwif yo te anba gwo lapenn ak kè sere. Yo fè jèn epi yo rele byen fò. Anpil nan yo te vide sann dife sou tèt yo epi yo te kouche atè ak rad sak sou yo. Sèvant ak enik Estè yo te vini kote l epi yo ba l nouvèl Madoche a. Rèn nan te pran nan yon gwo laperèz. Li te voye rad bay Madoche pou l mete, men li te refize fè sa. Alò, Estè rele Atak, youn nan enik wa a te ba li pou sèvi li. Li voye l al chache konnen ki pwoblèm Madoche genyen rezon ki fè li derefize mete bon rad sou li. Atak ale kote Madoche te ye a, sou plas ki devan pòtay palè wayal la. Madoche rakonte Atak tout sa k rive li. Madoche pale l kantite kòb Aman pwomèt pou l mete nan kès wa a pou l ka jwenn pèmisyon pou l touye jwif yo. Madoche bay Atak yon kopi dekrè wa a pase pou touye Jwif yo. Li ensiste pou Atak montre Estè lèt la, pou l rakonte l tout bagay epi pou l ankouraje Estè ale kote wa a pou mande l yon favè pou Madoche ansanm ak pèp li a. Atak retounen kot Estè epi li rakonte l tout sa Madoche te di l. Alò, Estè mande Atak pou retounen kote Madoche pou ba l mesaj sa a: “Tout sèvitè wa yo ak tout moun ki nan pwovens yo, depi soti sou pi gwo chèf rive sou senp sitwayen an, konnen wa a genyen yon sèl lwa pou tout moun ki vle vin kote l anndan lakou li a. Y ap gen pou touye nenpòt moun, kit li fanm kit li gason, ki al kote wa a san li pa t envite. Yon sèl fason pou moun sa a pa mouri se si wa a lonje l baton l lan ki fèt an lò. Mwen gen nenpòt trant jou depi wa a pa mande m al rankontre li.” Lè Madoche resevwa mesaj Estè voye ba li, li voye fè l repons sa a: “Pa met nan tèt ou paske ou rete nan palè wa a ou se sèl Jwif k ap chape. Si ou rete bouch be nan moman sa a, sekou ak libète Jwif yo ap soti kanmenm yon lòt kote. Men kanta pou ou menm ak tout fanmi papa w, nou tout ap peri. Sak pou di w se pa pou rezon sa menm yo chwazi m pou w vin rèn nan moman sa a!” Alò, Estè voye di Madoche konsa: “Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.” Se kon sa Madoche pati epi li te fè tout sa Estè te mande l fè.

Estè 4:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Lorsque Mardochée apprit tout ce qui s’était passé, il déchira ses vêtements, se couvrit d’un habit de toile de sac et répandit de la cendre sur lui. C’est ainsi qu’il parcourut la ville en poussant de grands cris de douleur. Puis il alla jusque devant la porte du palais impérial, par laquelle personne n’avait le droit d’entrer revêtu d’un habit de toile de sac. Dans chaque province, à mesure qu’y parvenaient l’ordonnance et le décret de l’empereur, c’était comme un deuil qui frappait les Juifs ; ils se mettaient à jeûner, à pleurer et à pousser des cris : beaucoup se couchaient sur des toiles de sac et de la cendre. Les servantes d’Esther et ses eunuques vinrent la mettre au courant, et l’impératrice en fut toute bouleversée. Elle envoya des vêtements à Mardochée, pour qu’il s’habille correctement et enlève l’habit de toile de sac qu’il portait. Mais il les refusa. Alors Esther appela Hathac, l’un des eunuques que l’empereur avait mis à son service, et le chargea de s’enquérir auprès de Mardochée de ce qui se passait et qui le poussait à agir ainsi. Hathac alla trouver Mardochée qui se tenait toujours sur la place publique, devant la porte du palais impérial. Mardochée l’informa de tout ce qui lui était arrivé et il lui dit notamment quelle quantité d’argent Haman avait promis de verser dans les coffres de l’empereur pour que l’on fasse périr tous les Juifs. Il lui remit aussi une copie du texte de l’édit d’extermination qui avait été publié dans Suse pour qu’il la montre à Esther, l’informe de la situation et lui communique l’ordre de se rendre chez l’empereur afin d’implorer sa pitié et de le supplier en faveur de son peuple. Hathac revint et rapporta à Esther les paroles de Mardochée. Celle-ci ordonna à Hathac de rapporter sa réponse à Mardochée : Tous les serviteurs de l’empereur ainsi que les habitants de toutes les provinces de l’empire savent bien qu’il y a une loi, qui est la même pour tous, en vertu de laquelle tout homme ou toute femme qui pénétrerait dans la cour intérieure du palais pour se rendre auprès de l’empereur sans avoir été convoqué par lui, sera mis à mort, sauf si l’empereur lui tend son sceptre d’or. Alors seulement sa vie lui sera épargnée. Quant à moi, voilà trente jours que je n’ai plus été invitée à me rendre chez l’empereur. Lorsqu’on eut rapporté à Mardochée les paroles d’Esther, il lui fit répondre : Ne t’imagine pas qu’étant dans le palais impérial, tu seras épargnée à la différence de tous les autres Juifs ! Bien au contraire ! Car si tu persistes à garder le silence dans les circonstances présentes, le salut et la délivrance viendront d’ailleurs pour les Juifs, alors que toi et ta famille, vous périrez. D’ailleurs, qui sait si ce n’est pas en vue de telles circonstances que tu es devenue impératrice ? Alors Esther fit porter cette réponse à Mardochée : Va rassembler tous les Juifs qui se trouvent à Suse. Jeûnez pour moi, sans manger ni boire pendant trois jours et trois nuits. J’observerai de mon côté le même jeûne avec mes servantes. Ensuite, je me rendrai chez l’empereur, malgré la loi. Si je dois mourir, je mourrai ! Mardochée partit et fit ce qu’Esther lui avait commandé.