Estè 4

4
Madoche Mande Estè pou ede l
1Madoche te twouble anpil lè l tande tout sa ki te pase. Li chire rad sou li a epi li mete yon rad dèy sou li. Li jete pousyè tè sou tèt li epi li pran mache nan tout vil la, li t ap kriye byen fò.#4:1 Se te fason sa moun nan ansyen tan te konn eksprime pwofon santiman yo tankou lè yo nan gwo lapenn oubyen kòlè. 2Men, li te rive sèlman devan pòtay palè a, paske yo pa t pèmèt li antre nan baryè a ak rad dèy sou li. 3Nan chak pwovens dekrè sa a te rive, Jwif yo te anba gwo lapenn ak kè sere. Yo fè jèn epi yo rele byen fò. Anpil nan yo te vide sann dife sou tèt yo epi yo te kouche atè ak rad sak sou yo.
4Sèvant ak enik Estè yo te vini kote l epi yo ba l nouvèl Madoche a. Rèn nan te pran nan yon gwo laperèz. Li te voye rad bay Madoche pou l mete, men li te refize fè sa. 5Alò, Estè rele Atak, youn nan enik wa a te ba li pou sèvi li. Li voye l al chache konnen ki pwoblèm Madoche genyen rezon ki fè li derefize mete bon rad sou li. 6Atak ale kote Madoche te ye a, sou plas ki devan pòtay palè wayal la. 7Madoche rakonte Atak tout sa k rive li. Madoche pale l kantite kòb Aman pwomèt pou l mete nan kès wa a pou l ka jwenn pèmisyon pou l touye jwif yo. 8Madoche bay Atak yon kopi dekrè wa a pase pou touye Jwif yo. Li ensiste pou Atak montre Estè lèt la, pou l rakonte l tout bagay epi pou l ankouraje Estè ale kote wa a pou mande l yon favè pou Madoche ansanm ak pèp li a.
9Atak retounen kot Estè epi li rakonte l tout sa Madoche te di l.
10Alò, Estè mande Atak pou retounen kote Madoche pou ba l mesaj sa a: 11“Tout sèvitè wa yo ak tout moun ki nan pwovens yo, depi soti sou pi gwo chèf rive sou senp sitwayen an, konnen wa a genyen yon sèl lwa pou tout moun ki vle vin kote l anndan lakou li a. Y ap gen pou touye nenpòt moun, kit li fanm kit li gason, ki al kote wa a san li pa t envite. Yon sèl fason pou moun sa a pa mouri se si wa a lonje l baton l lan ki fèt an lò. Mwen gen nenpòt trant jou depi wa a pa mande m al rankontre li.”
12Lè Madoche resevwa mesaj Estè voye ba li, 13li voye fè l repons sa a: “Pa met nan tèt ou paske ou rete nan palè wa a ou se sèl Jwif k ap chape. 14Si ou rete bouch be nan moman sa a, sekou ak libète Jwif yo ap soti kanmenm yon lòt kote. Men kanta pou ou menm ak tout fanmi papa w, nou tout ap peri. Sak pou di w se pa pou rezon sa menm yo chwazi m pou w vin rèn nan moman sa a!”
15Alò, Estè voye di Madoche konsa: 16“Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.” 17Se kon sa Madoche pati epi li te fè tout sa Estè te mande l fè.

Chwazi Kounye ya:

Estè 4: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte