Efezyen 4:11-16
Efezyen 4:11-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
Efezyen 4:11-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Voici les « dons » que le Christ a faits : les uns ont reçu le don d’être apôtres, ou bien d’être prophètes, ou bien d’annoncer la Bonne Nouvelle. D’autres ont reçu le don de conduire le peuple de Dieu, ou encore d’enseigner. Par ces dons, le Christ a voulu former ceux qui appartiennent à Dieu. Ainsi, ils peuvent accomplir leur service de chrétiens pour construire le corps du Christ. Alors tous ensemble, nous aurons peu à peu une même foi et une même connaissance du Fils de Dieu. Finalement, nous serons des chrétiens adultes et nous atteindrons la taille parfaite du Christ. Nous ne serons plus des bébés. Nous ne ressemblerons plus à un petit bateau poussé dans tous les sens par les vagues de la mer. Nous ne serons plus emportés de tous les côtés par le vent des idées fausses. Les gens ne nous tromperont plus avec leurs mensonges habiles. Mais en disant la vérité avec amour, nous grandirons en tout vers celui qui est la tête, le Christ. C’est par lui que toutes les parties du corps tiennent ensemble et sont unies. Beaucoup d’articulations servent à unir le corps, et quand chaque partie du corps fait son travail, le corps grandit et se construit lui-même dans l’amour.
Efezyen 4:11-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la. Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid. Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans. Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen. Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la. Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.
Efezyen 4:11-16 New International Version (NIV)
So Christ himself gave the apostles, the prophets, the evangelists, the pastors and teachers, to equip his people for works of service, so that the body of Christ may be built up until we all reach unity in the faith and in the knowledge of the Son of God and become mature, attaining to the whole measure of the fullness of Christ. Then we will no longer be infants, tossed back and forth by the waves, and blown here and there by every wind of teaching and by the cunning and craftiness of people in their deceitful scheming. Instead, speaking the truth in love, we will grow to become in every respect the mature body of him who is the head, that is, Christ. From him the whole body, joined and held together by every supporting ligament, grows and builds itself up in love, as each part does its work.
Efezyen 4:11-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est lui qui a fait don de certains comme apôtres, d’autres comme prophètes, d’autres comme prédicateurs de l’Evangile, et d’autres encore, comparables à des bergers, comme enseignants. Il a fait don de ces hommes pour que les membres du peuple saint soient rendus aptes à accomplir leur service en vue de la construction du corps de Christ. Ainsi nous parviendrons tous ensemble à l’unité dans la foi et dans la connaissance du Fils de Dieu, à l’état d’adultes, à un stade de maturité où se manifeste la plénitude qui nous vient de Christ. De cette manière, nous ne serons plus de petits enfants ballottés comme des barques par les vagues et emportés çà et là par le vent de toutes sortes d’enseignements, à la merci d’hommes habiles à entraîner les autres dans l’erreur. Au contraire, en exprimant la vérité dans l’amour, nous grandirons à tous égards vers celui qui est la tête : Christ. C’est de lui que le corps tout entier tire sa croissance pour s’affermir dans l’amour, sa cohésion et sa forte unité lui venant de toutes les articulations dont il est pourvu, pour assurer l’activité attribuée à chacune de ses parties.