Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la. Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid. Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans. Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen. Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la. Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.
Li Efez 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 4:11-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo