Travay 4:32-37
Travay 4:32-37 New International Version (NIV)
All the believers were one in heart and mind. No one claimed that any of their possessions was their own, but they shared everything they had. With great power the apostles continued to testify to the resurrection of the Lord Jesus. And God’s grace was so powerfully at work in them all that there were no needy persons among them. For from time to time those who owned land or houses sold them, brought the money from the sales and put it at the apostles’ feet, and it was distributed to anyone who had need. Joseph, a Levite from Cyprus, whom the apostles called Barnabas (which means “son of encouragement”), sold a field he owned and brought the money and put it at the apostles’ feet.
Travay 4:32-37 1998 Haïtienne (HAT98)
Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout. Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki sòti lil Chip. Apòt yo te ba l yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.
Travay 4:32-37 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
La foule des croyants est très unie par le cœur et par l’esprit. Personne ne dit : « Cela, c’est à moi ! », mais ils mettent tout en commun. Avec une grande force, les apôtres témoignent que Jésus s’est relevé de la mort, et Dieu leur montre son amour de mille manières. Parmi eux, personne ne manque de rien. En effet, tous ceux qui ont des champs ou des maisons les vendent, ils apportent l’argent de ce qu’ils ont vendu et ils le donnent aux apôtres. Ensuite, on distribue l’argent, et chacun reçoit ce qui lui est nécessaire. Il y a ainsi un certain Joseph, un lévite né à Chypre. Les apôtres l’appellent Barnabas, ce qui veut dire « l’homme qui encourage ». Il a un champ, il le vend, il apporte l’argent et le donne aux apôtres.
Travay 4:32-37 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo. Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini. Yo te pote lajan an bay apot yo. Apre sa, yo te separe bay chak moun selon bezwen yo. Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”. Jozèf te gen yon jaden tou. Li vann li epi li pote lajan an bay apot yo.
Travay 4:32-37 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Tous ceux qui étaient devenus des croyants vivaient dans une parfaite unité de cœur et d’esprit. Personne ne se prétendait propriétaire de ses biens, mais ils partageaient tout ce qu’ils avaient. Avec une grande puissance, les apôtres rendaient témoignage de la résurrection du Seigneur Jésus, et la grâce de Dieu agissait avec force en eux tous. Aucun d’eux n’était dans le besoin, car ceux qui possédaient des champs ou des maisons les vendaient, apportaient le produit de la vente et le remettaient aux apôtres : ceux-ci le répartissaient alors entre tous et chacun recevait ce dont il avait besoin. C’est ainsi que, par exemple, un certain Joseph possédait un terrain. C’était un lévite originaire de Chypre ; les apôtres le surnommaient Barnabas, ce qui veut dire « l’homme qui encourage ». Il vendit son terrain, apporta l’argent et en remit le produit aux apôtres.