Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout. Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki sòti lil Chip. Apòt yo te ba l yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.
Li Travay 4
Koute Travay 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 4:32-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo