Travay 25:1-22

Travay 25:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, l'ale lavil Jerizalèm. Chèf prèt yo ak tout notab jwif lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. Yo mande Festis yon favè. Yo mande l pou l fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gentan fè konplo pou touye l sou wout la. Men, Festis reponn yo: — Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m, mwen pral tounen Sezare talè konsa. Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m, y'a akize l laba a. Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, l'al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. Lè Pòl rive, jwif ki te sòti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l, yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pat kapab bay okenn prèv. Men sa Pòl di pou defann tèt li: — Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza. Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: — Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m sou zafè sa a? Pòl reponn li: — Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. Si m dezobeyi lalwa, si m fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen. Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l di: — Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza. Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitirasyon Pòl la bay wa a, li di li: — Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. Lè mwen t'al Jerizalèm, chèf prèt yo ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li. Yo mande m' pou mwen kondannen li. Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l konsa san yo pa mete l fasafas ak moun k'ap akize l yo anvan. Se pou l gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pat pèdi tan mwen. Nan denmen mal chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. Moun ki t'ap akize l yo vin parèt tou, men yo pat bay okenn move zak li te fè, jan m te kwè a. Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò. Mwen pat konn sa pou m te fè ankò pou m te pran enfòmasyon sou kèsyon sa yo. Mwen mande Pòl si l pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l sou zafè sa a la. Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l jouk m'a ka voye l bay Seza. Agripa di Festis konsa: — Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: — Denmen w'a tande li.

Travay 25:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Depuis trois jours, Festus est arrivé dans la province. Il fait alors le voyage de Césarée à Jérusalem. Là, les chefs des prêtres et les notables juifs se présentent devant lui et ils portent plainte contre Paul. Ils insistent et demandent à Festus : « Nous t’en prions, fais venir Paul à Jérusalem. » En effet, certains Juifs veulent tendre un piège à Paul et le tuer sur la route. Mais Festus leur répond : « Paul est en prison à Césarée, et moi-même, je vais bientôt repartir. Vos chefs n’ont qu’à venir avec moi à Césarée. Si cet homme a fait quelque chose de mal, ils l’accuseront. » Festus passe seulement huit à dix jours à Jérusalem, puis il retourne à Césarée. Le jour suivant, il siège au tribunal et commande de faire venir Paul. Celui-ci arrive. Les chefs juifs qui sont venus de Jérusalem l’entourent et l’accusent de nombreuses fautes graves, mais ils ne peuvent rien prouver. Paul se défend en disant : « Je n’ai rien fait de mal, ni contre la loi de mon peuple, ni contre le temple, ni contre l’empereur. » Festus veut faire plaisir aux chefs qui sont là et il demande à Paul : « Est-ce que tu veux aller à Jérusalem ? Là-bas, on te jugera devant moi pour cette affaire. » Paul répond : « Je suis devant le tribunal de l’empereur, et c’est là qu’on doit me juger. Je n’ai rien fait de mal contre le peuple juif, tu le sais très bien toi-même. Si je suis coupable et si j’ai fait quelque chose qui mérite la mort, je ne refuse pas de mourir. Mais s’il n’y a rien de vrai dans ce qu’ils disent contre moi, alors personne n’a le droit de me livrer à eux. Je fais appel à l’empereur ! » Festus parle avec ses conseillers. Ensuite il dit à Paul : « Tu as fait appel à l’empereur, tu iras donc devant l’empereur. » Quelques jours plus tard, le roi Agrippa et Bérénice, sa sœur, arrivent à Césarée pour saluer Festus. Ils restent là plusieurs jours. Et Festus explique l’affaire de Paul au roi. Il lui dit : « Il y a ici un homme que Félix a laissé en prison. Quand je suis allé à Jérusalem, les chefs des prêtres et les anciens des Juifs sont venus porter plainte contre lui et ils m’ont demandé de le condamner. Je leur ai répondu : “Les Romains n’ont pas l’habitude de livrer quelqu’un de cette façon. L’accusé doit d’abord rencontrer ceux qui l’accusent, et il doit pouvoir se défendre contre leurs accusations.” Donc, les chefs religieux sont venus ici avec moi, et sans retard, le jour suivant, je me suis assis au tribunal, et j’ai commandé de faire venir cet homme. Ses accusateurs sont arrivés. Je pensais qu’ils allaient lui reprocher certaines choses graves, mais non ! Ils se sont disputés avec lui au sujet de leur religion et d’un certain Jésus. Cet homme est mort, mais Paul dit qu’il est vivant. Je ne savais pas quelle décision prendre. Alors j’ai demandé à Paul s’il voulait aller à Jérusalem. Là-bas, on le jugerait pour cette affaire. Mais il a fait appel. En effet, il veut que l’empereur le juge. J’ai donc commandé de le garder en prison pour le moment. Ensuite, je l’enverrai devant l’empereur. » Agrippa dit à Festus : « Moi aussi, je voudrais bien entendre cet homme. » Festus lui répond : « Tu l’entendras demain. »

Travay 25:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Twa jou apre Festis fin monte nan pòs gouvènè a, li fè yon vwayaj soti Sezare pou ale Jerizalèm. Pandan l nan Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo pote Festis plent pou Pòl. Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout. Men, Festis reponn yo: “Pòl deja nan prizon Sezare, l ap rete la. Mwen menm, m gen pou m desann Sezare byento. Lidè nou yo ka toujou desann avè m. Si Pòl fè kèk bagay ki mal, yo ka toujou al pote akizasyon kont li la ba a.” Apre sa, Festis pase uit a dis jou ankò nan Jerizalèm epi l desann Sezare. Nan landmen, Festis al chita nan tribinal la epi li mande sòlda yo pou yo mennen Pòl devan li. Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv. Pou l defann tèt li, Pòl di: “Mwen pa fè anyen ki mal ni kont lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.” Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?” Pòl reponn: “Kote m kanpe a la a, se devan tribinal Seza m kanpe. Se la pou m jije. M pa fè Jwif yo anyen ki mal, m konnen ou konn sa. Si m te fè yon bagay ki kont lalwa, ki fè m merite lanmò, m dakò pou m mouri. Men tou, si akizasyon y ap pote kont mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men moun sa yo. Okontrè menm, m mande pou Seza tande koz mwen.” Lè sa a, Festis fè yon pale ak konseye l yo epi li di Pòl: “Ou mande pou al devan Seza, ebyen ou pral devan Seza!” Kèk jou apre sa, wa Agripa rive Sezare ansanm ak Berenis, sè li, yo te vin vizite Festis. Yo te pase anpil jou la avèk Festis. Pandan yo te la, Festis mete yo okouran de dosye Pòl la. Li di yo: “Gen yon nonm Feliks te kite nan prizon an lè l t ap kite pòs la. Lè m te monte Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo te vin fè depozisyon kont li pou akize l. Yo te menm vle m kondane l amò. M te di yo: Lè yo akize yon moun de bagay ki mal, Women yo pa gen nan koutim yo pou yo remèt li bay moun pou jije li san l pa gen chans defann tèt li devan moun k ap akize l yo anvan epi pou l defann tèt li parapò ak akizasyon yo pote kont li yo. Konsa, lè Jwif yo te vin isit la nan Sezare, m pa t kite tan pase. M te chita sou fotèy jijman an depi nan landmen epi mwen te mande pou yo mennen nonm nan devan m. Jwif yo te pote anpil akizasyon kont li se vre, men yo pa t akize l te fè okenn krim jan m te atann yo t apral akize l la. Tout akizasyon yo te pote se te bagay ki konsène pwòp relijyon yo epi sa ki konsène yon nonm yo te rele Jezi. Jezi sa a te mouri, men Pòl di li toujou vivan. Kòm m pa t gen yon ide ditou sou kijan pou m ta jije yon bagay konsa, m te mande Pòl: Èske w ta vle m voye w Jerizalèm pou al jije laba a? Men Pòl mande pou l konparèt devan Anperè a pito. Konsa, m pase lòd pou l rete nan prizon isit la Sezare jouktan m jwenn okazyon pou m voye l bay Seza nan lavil Wòm.” Agripa di Festis: “M ta renmen tande nonm sa a tou.” Festis reponn: “Pa gen pwoblèm, ou ap tande l demen.”

Travay 25:1-22 New International Version (NIV)

Three days after arriving in the province, Festus went up from Caesarea to Jerusalem, where the chief priests and the Jewish leaders appeared before him and presented the charges against Paul. They requested Festus, as a favor to them, to have Paul transferred to Jerusalem, for they were preparing an ambush to kill him along the way. Festus answered, “Paul is being held at Caesarea, and I myself am going there soon. Let some of your leaders come with me, and if the man has done anything wrong, they can press charges against him there.” After spending eight or ten days with them, Festus went down to Caesarea. The next day he convened the court and ordered that Paul be brought before him. When Paul came in, the Jews who had come down from Jerusalem stood around him. They brought many serious charges against him, but they could not prove them. Then Paul made his defense: “I have done nothing wrong against the Jewish law or against the temple or against Caesar.” Festus, wishing to do the Jews a favor, said to Paul, “Are you willing to go up to Jerusalem and stand trial before me there on these charges?” Paul answered: “I am now standing before Caesar’s court, where I ought to be tried. I have not done any wrong to the Jews, as you yourself know very well. If, however, I am guilty of doing anything deserving death, I do not refuse to die. But if the charges brought against me by these Jews are not true, no one has the right to hand me over to them. I appeal to Caesar!” After Festus had conferred with his council, he declared: “You have appealed to Caesar. To Caesar you will go!” A few days later King Agrippa and Bernice arrived at Caesarea to pay their respects to Festus. Since they were spending many days there, Festus discussed Paul’s case with the king. He said: “There is a man here whom Felix left as a prisoner. When I went to Jerusalem, the chief priests and the elders of the Jews brought charges against him and asked that he be condemned. “I told them that it is not the Roman custom to hand over anyone before they have faced their accusers and have had an opportunity to defend themselves against the charges. When they came here with me, I did not delay the case, but convened the court the next day and ordered the man to be brought in. When his accusers got up to speak, they did not charge him with any of the crimes I had expected. Instead, they had some points of dispute with him about their own religion and about a dead man named Jesus who Paul claimed was alive. I was at a loss how to investigate such matters; so I asked if he would be willing to go to Jerusalem and stand trial there on these charges. But when Paul made his appeal to be held over for the Emperor’s decision, I ordered him held until I could send him to Caesar.” Then Agrippa said to Festus, “I would like to hear this man myself.” He replied, “Tomorrow you will hear him.”

Travay 25:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Trois jours après avoir pris ses fonctions à la tête de la province, Festus se rendit de Césarée à Jérusalem. Les chefs des prêtres et les notables juifs se présentèrent devant lui pour porter plainte contre Paul. Ils lui demandèrent avec insistance, comme une faveur spéciale, de faire transférer l’accusé à Jérusalem. Ils avaient déjà fait leurs plans : sur le trajet, ils voulaient lui dresser une embuscade et le tuer. Mais Festus leur répondit : Paul est en prison à Césarée, et je ne vais pas tarder à retourner moi-même dans cette ville. Il y a parmi vous des hommes compétents : qu’ils m’y accompagnent, et si cet homme a commis quelque irrégularité, qu’ils portent plainte contre lui ! Festus ne resta pas plus de huit à dix jours à Jérusalem, puis il redescendit à Césarée. Le lendemain de son retour, il alla siéger au tribunal et y fit comparaître Paul. A peine celui-ci fut-il entré, que les Juifs venus de Jérusalem l’entourèrent et portèrent contre lui un grand nombre de graves accusations, mais ils ne pouvaient pas les prouver. Paul, quant à lui, disait pour sa défense : Je n’ai commis aucune faute ni contre la loi juive, ni contre le temple, ni contre César. Mais Festus voulait se concilier la faveur des Juifs ; il demanda donc à Paul : Acceptes-tu de retourner à Jérusalem pour y être jugé sur cette affaire sous ma présidence ? – Non, répliqua Paul, je me tiens ici devant le tribunal de l’empereur, et c’est devant ce tribunal que je dois être jugé. Quant aux Juifs, je ne leur ai fait aucun tort, tu as pu fort bien t’en rendre compte par toi-même. Si je suis coupable et si j’ai commis un crime passible de la peine de mort, je ne refuse pas de mourir. Mais si les accusations de ces gens-là sont sans aucun fondement, nul n’a le droit de me livrer entre leurs mains. J’en appelle à l’empereur  ! Alors Festus, après avoir délibéré avec ses conseillers, décida : Tu en as appelé à l’empereur ; tu comparaîtras donc devant l’empereur. Quelque temps plus tard, le roi Agrippa et Bérénice arrivèrent à Césarée pour rendre visite à Festus. Leur séjour dura plusieurs jours. Festus en profita pour exposer au roi le cas de Paul : J’ai là un homme, dit-il, que mon prédécesseur Félix a laissé en prison. Lors de mon passage à Jérusalem, les chefs des prêtres et les responsables des Juifs sont venus porter plainte contre lui et ils m’ont demandé de le condamner. Mais je leur ai répondu que les Romains n’ont pas coutume de livrer un prévenu avant de l’avoir confronté avec ses accusateurs et de lui avoir donné l’occasion de se défendre de leurs accusations. Ils sont donc venus ici avec moi. Je n’ai pas voulu remettre l’affaire à plus tard et, dès le lendemain, j’ai tenu audience et donné l’ordre d’amener cet homme. Je m’attendais à ce que ses accusateurs le chargent de toutes sortes de crimes graves. Il n’en fut rien. Il ne s’agissait que de discussions au sujet de leur propre religion et d’un certain Jésus qui est mort et dont Paul dit qu’il est vivant. Je me suis trouvé dans l’incapacité de prendre une décision dans un débat de ce genre. J’ai donc demandé à Paul s’il consentait à monter à Jérusalem pour que son affaire y soit jugée. Mais il a préféré user de son droit d’appel et il a demandé que sa cause soit portée devant le tribunal de l’empereur. J’ai donc ordonné de le garder en prison jusqu’à ce que je puisse l’envoyer à César. Alors Agrippa dit à Festus : J’aimerais bien entendre cet homme, moi aussi. – Tu pourras l’entendre dès demain, lui répondit Festus.