Travay 19:1-20

Travay 19:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris. Li di yo: “Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te mete konfyans nou Kris la?” Kwayan yo reponn: “Nou pa menm janm tande pale de yon bagay ki rele Sentespri.” Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.” Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.” Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou. Te gen douz mesye kon sa nan gwoup la. Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou. Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a. Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo. Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a. Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?” Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni. Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan konsa. Se kon sa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.

Travay 19:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri. Lè sa a, Pòl mande yo: — Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: — Batèm Jan an. Pòl di yo: — Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l la, ki vle di Jezi. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Te gen douz gason konsa antou. Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l yo. Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. Pandan dezan, sa mache konsa. Se sa k fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Senyè a. Bondye te sèvi ak Pòl pou l te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l, yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: — Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd sòti. (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) Men move lespri a reponn yo: — Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri sòti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Senyè Jezi a. Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkanntmil (250.000) goud antou. Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.

Travay 19:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pendant qu’Apollos est à Corinthe, Paul traverse la région des montagnes et il arrive à Éphèse. Là, il trouve quelques disciples et leur demande : « Quand vous êtes devenus croyants, est-ce que vous avez reçu l’Esprit Saint ? » Ils répondent : « Mais nous n’avons même pas entendu dire qu’il y a un Esprit Saint ! » Paul leur demande : « Quel baptême avez-vous reçu ? » Ils répondent : « Le baptême de Jean. » Paul leur dit : « Jean a baptisé ceux qui voulaient changer leur vie. Et il disait au peuple : “Croyez en celui qui va venir après moi, c’est-à-dire en Jésus !” » Quand les croyants d’Éphèse entendent cela, ils se font baptiser au nom du Seigneur Jésus. Paul pose les mains sur leur tête et ils reçoivent l’Esprit Saint. Alors ils se mettent à s’exprimer en langues inconnues et à parler au nom de Dieu. Ces hommes sont une douzaine. Paul va à la maison de prière des Juifs et là, pendant trois mois, il parle avec assurance. Il annonce le Royaume de Dieu et il essaie de persuader ceux qui l’écoutent. Mais certains ne veulent rien entendre et refusent de croire, ils se moquent de cet enseignement devant tout le monde. Alors Paul les quitte, il emmène avec lui les disciples et, tous les jours, il discute avec eux dans l’école de Tyrannus. Cela dure deux ans. Ainsi, tous ceux qui vivent dans la province d’Asie, les Juifs et les non-Juifs, peuvent entendre la parole du Seigneur. Dieu fait des actions extraordinaires par l’intermédiaire de Paul. Alors on apporte aux malades des linges et des mouchoirs qui ont touché son corps. Les malades sont débarrassés de leurs maladies et les esprits mauvais s’en vont. Il y a aussi certains Juifs qui vont d’un endroit à un autre. Ils essaient de chasser les esprits mauvais des malades en prononçant le nom du Seigneur Jésus. Ils disent : « Au nom de ce Jésus que Paul annonce, sortez ! C’est un ordre ! » Un grand-prêtre juif, Skéva, a sept fils qui font justement cela. Mais l’esprit mauvais leur répond : « Jésus, je le connais, et Paul, je sais qui il est. Mais vous, qui êtes-vous ? » Et l’homme qui a l’esprit mauvais en lui attaque les fils de Skéva. Il est plus fort qu’eux et il leur fait beaucoup de mal. Alors ils sortent de sa maison en courant, ils sont nus et blessés. Tous les habitants d’Éphèse, les Juifs et les non-Juifs, apprennent cela. Ils sont tous pleins de respect et disent : « Le nom du Seigneur Jésus est grand ! » Beaucoup de gens deviennent croyants et viennent avouer à haute voix ce qu’ils ont fait. Parmi ceux qui pratiquaient la magie, beaucoup apportent leurs livres et les brûlent devant tout le monde. On calcule le prix de ces livres et on trouve que cela fait 50 000 pièces d’argent . Ainsi, par la puissance du Seigneur, la parole de Dieu est de plus en plus connue et de plus en plus solide.

Travay 19:1-20 New International Version (NIV)

While Apollos was at Corinth, Paul took the road through the interior and arrived at Ephesus. There he found some disciples and asked them, “Did you receive the Holy Spirit when you believed?” They answered, “No, we have not even heard that there is a Holy Spirit.” So Paul asked, “Then what baptism did you receive?” “John’s baptism,” they replied. Paul said, “John’s baptism was a baptism of repentance. He told the people to believe in the one coming after him, that is, in Jesus.” On hearing this, they were baptized in the name of the Lord Jesus. When Paul placed his hands on them, the Holy Spirit came on them, and they spoke in tongues and prophesied. There were about twelve men in all. Paul entered the synagogue and spoke boldly there for three months, arguing persuasively about the kingdom of God. But some of them became obstinate; they refused to believe and publicly maligned the Way. So Paul left them. He took the disciples with him and had discussions daily in the lecture hall of Tyrannus. This went on for two years, so that all the Jews and Greeks who lived in the province of Asia heard the word of the Lord. God did extraordinary miracles through Paul, so that even handkerchiefs and aprons that had touched him were taken to the sick, and their illnesses were cured and the evil spirits left them. Some Jews who went around driving out evil spirits tried to invoke the name of the Lord Jesus over those who were demon-possessed. They would say, “In the name of the Jesus whom Paul preaches, I command you to come out.” Seven sons of Sceva, a Jewish chief priest, were doing this. One day the evil spirit answered them, “Jesus I know, and Paul I know about, but who are you?” Then the man who had the evil spirit jumped on them and overpowered them all. He gave them such a beating that they ran out of the house naked and bleeding. When this became known to the Jews and Greeks living in Ephesus, they were all seized with fear, and the name of the Lord Jesus was held in high honor. Many of those who believed now came and openly confessed what they had done. A number who had practiced sorcery brought their scrolls together and burned them publicly. When they calculated the value of the scrolls, the total came to fifty thousand drachmas. In this way the word of the Lord spread widely and grew in power.

Travay 19:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pendant qu’Apollos se trouvait à Corinthe, Paul, après avoir traversé la région montagneuse d’Asie Mineure, descendit à Ephèse. Il y rencontra un petit groupe de disciples et leur demanda : Avez-vous reçu le Saint-Esprit quand vous êtes devenus croyants ? Ils lui répondirent : Nous n’avons même pas entendu dire qu’il y ait un Saint-Esprit. – Quel baptême avez-vous donc reçu ? poursuivit Paul. – Celui de Jean-Baptiste, lui répondirent-ils. – Oui, reprit Paul, Jean baptisait les Israélites en signe d’un profond changement, mais il leur disait aussi de croire en celui qui viendrait après lui, c’est-à-dire en Jésus. Après avoir entendu cela, ils furent baptisés au nom du Seigneur Jésus. Paul leur imposa les mains et le Saint-Esprit descendit sur eux : ils se mirent à parler dans diverses langues et à prophétiser. Il y avait là environ douze hommes. Paul se rendit ensuite à la synagogue où, pendant trois mois, il prit la parole avec une grande assurance ; il y parlait du royaume de Dieu et s’efforçait de convaincre ses auditeurs. Mais un certain nombre de Juifs s’endurcissaient et refusaient de se laisser convaincre : en pleine assemblée, ils tinrent des propos méprisants au sujet de la Voie du Seigneur. Alors Paul se sépara d’eux et prit à part les disciples qu’il continua d’enseigner tous les jours dans l’école d’un nommé Tyrannus. Cela dura deux ans, si bien que tous les habitants de la province d’Asie, tant Juifs que Grecs, entendirent la Parole du Seigneur. Dieu faisait des miracles extraordinaires par les mains de Paul. On allait jusqu’à prendre des mouchoirs ou du linge qu’il avait touchés pour les appliquer aux malades. Ceux-ci guérissaient et les mauvais esprits s’enfuyaient. Quelques Juifs, qui allaient de lieu en lieu pour chasser les démons, voulurent alors invoquer, eux aussi, le nom du Seigneur Jésus sur ceux qui étaient sous l’emprise d’esprits mauvais. – Par le nom de ce Jésus que Paul annonce, disaient-ils, je vous ordonne de sortir. Ceux qui agissaient ainsi étaient les sept fils d’un certain Scéva, un chef des prêtres juifs. Mais l’esprit mauvais leur répondit : Jésus ? Je le connais. Paul, je sais qui c’est. Mais vous, qui êtes-vous ? Là-dessus, l’homme qui avait en lui le mauvais esprit se jeta sur eux, les maîtrisa et les malmena avec une telle violence qu’ils s’enfuirent de la maison, les vêtements en lambeaux, et couverts de blessures. Cet incident fut connu de tous les habitants d’Ephèse. Juifs et Grecs furent tous saisis de crainte, et le nom du Seigneur Jésus fut l’objet d’un grand respect. Beaucoup de ceux qui étaient devenus croyants venaient avouer et déclarer publiquement les pratiques auxquelles ils s’étaient livrés. Et beaucoup de ceux qui avaient exercé la magie apportèrent leurs livres de sorcellerie, les mirent en tas et les firent brûler aux yeux de tous. Leur valeur fut estimée à cinquante mille pièces d’argent. C’est ainsi que la Parole du Seigneur se répandait de plus en plus, grâce à la puissance du Seigneur.