Travay 19:1-20

Travay 19:1-20 HAT98

Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri. Lè sa a, Pòl mande yo: — Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: — Batèm Jan an. Pòl di yo: — Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l la, ki vle di Jezi. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Te gen douz gason konsa antou. Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l yo. Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. Pandan dezan, sa mache konsa. Se sa k fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Senyè a. Bondye te sèvi ak Pòl pou l te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l, yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: — Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd sòti. (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) Men move lespri a reponn yo: — Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri sòti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Senyè Jezi a. Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkanntmil (250.000) goud antou. Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.