Travay 17:21-34

Travay 17:21-34 1998 Haïtienne (HAT98)

(Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fenk parèt.) Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Ayewopaj la, li di: — Nou menm moun Atèn, mwen konstate tout jan kouman nou fanatik relijyon anpil anpil. Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan vil nou an, mwen wè tout kote nou adore. Epi nan gade konsa, je m' tonbe sou yon lotèl ki ekri konsa: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen li an, se li menm m'ap fè nou konnen jodi a. Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l anyen nonplis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout sòti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l, pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li kò nou jwenn mouvman, se nan li nou gen egzistans. — Gen nan powèt nou yo ki di menm bagay la tou: Nou menm tou, nou soti nan ras li. — Si nou soti nan ras li, nou pa fèt pou panse Bondye se yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè pòtre yo imajine. Men, Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: — N'a tande koze sa a yon lòt jou. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo. Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò.

Travay 17:21-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

En effet, tous les Athéniens et les étrangers qui habitent à Athènes passent leur temps à raconter ou à écouter les idées nouvelles. Alors Paul, debout devant le Conseil de la ville, se met à dire : « Athéniens, je vois que vous êtes des gens très religieux, en toutes choses. En passant dans vos rues, j’ai regardé vos monuments sacrés. J’ai même vu un autel où ces mots sont écrits : “Au dieu inconnu.” Eh bien, moi, je viens vous annoncer ce que vous adorez sans le connaître. Le Dieu qui a fait le monde et tout ce qu’il contient, c’est le Seigneur du ciel et de la terre. Il n’habite pas dans des temples construits par les hommes. Il n’a pas besoin qu’on le fasse vivre, rien ne lui manque. En effet, c’est lui qui donne à tous la vie, le souffle et tout le reste. À partir d’un seul homme, il a créé tous les peuples pour qu’ils habitent sur toute la terre. Il a tracé les limites de leurs pays, il a fixé le moment des saisons. Dieu a fait cela pour que les gens le cherchent. Même s’ils ont des difficultés pour le chercher, ils vont peut-être le trouver. En réalité, il n’est pas loin de chacun de nous. C’est par lui que nous vivons, que nous nous déplaçons et que nous avons la vie. Certains de vos poètes l’ont déjà dit : “Oui, nous sommes ses enfants.” « Ainsi, nous sommes les enfants de Dieu. Donc, nous ne devons pas penser que Dieu ressemble à des statues d’or, d’argent ou de pierre que les gens ont fabriquées ou imaginées. Les humains ont fabriqué ces choses parce qu’ils ne connaissaient pas Dieu. Mais Dieu ne tient plus compte de ce temps-là. Maintenant, il appelle tous les habitants de tous les pays à changer leur vie. En effet, Dieu a fixé un jour où il va juger le monde entier avec justice. Il a choisi un homme pour cela et il l’a relevé de la mort. De cette façon, Dieu a montré à tous que cet homme était bien le juge qu’il avait choisi. » Quand les Grecs entendent dire que Dieu peut relever quelqu’un de la mort, les uns se moquent de Paul, les autres disent : « Nous t’écouterons parler de cela une autre fois ! » Alors Paul les quitte. Pourtant, quelques-uns vont avec lui et deviennent croyants. Parmi eux, il y a Denys, du Conseil d’Athènes, une femme appelée Damaris et d’autres encore.

Travay 17:21-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Selon koutim yo te genyen, tout moun Atèn ansanm ak tout etranje ki te vin viv nan mitan yo te pase tout tan yo ap rakonte osinon ap koute tout lide tounèf ki fèk parèt yo. Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil. Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: POU BONDYE NOU PA KONNEN AN. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a. Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo. Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen. Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv. Bondye te vle moun chache li, epi nan chache l kon sa toupatou, yo ta jwenn li. Men, Bondye pa lwen okenn nan nou. Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti. Kidonk, si nou tout se nan Bondye nou soti, nou pa ka panse Bondye se yon bagay imajinè osinon yon bagay moun kapab fè ak lò, ak lajan, osinon ak wòch yo taye. Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li. Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.” Lè yo tande Pòl pale de yon moun ki te resisite, gen ladan yo ki pase l nan rizib. Gen lòt menm ki di: “N ap gen pou n tande w plis sou sa yon lòt lè.” Se kon sa Pòl te soti nan mitan yo. Epoutan, gen kèk nan yo ki te vin atache ak Pòl epi ki te vin kwè nan Kris. Pami moun sa yo ki te kwè, te gen Dyonisyòs, ki te yon manm nan Areyopaj la, te gen yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak kèk lòt moun ankò.

Travay 17:21-34 New International Version (NIV)

(All the Athenians and the foreigners who lived there spent their time doing nothing but talking about and listening to the latest ideas.) Paul then stood up in the meeting of the Areopagus and said: “People of Athens! I see that in every way you are very religious. For as I walked around and looked carefully at your objects of worship, I even found an altar with this inscription: TO AN UNKNOWN GOD. So you are ignorant of the very thing you worship—and this is what I am going to proclaim to you. “The God who made the world and everything in it is the Lord of heaven and earth and does not live in temples built by human hands. And he is not served by human hands, as if he needed anything. Rather, he himself gives everyone life and breath and everything else. From one man he made all the nations, that they should inhabit the whole earth; and he marked out their appointed times in history and the boundaries of their lands. God did this so that they would seek him and perhaps reach out for him and find him, though he is not far from any one of us. ‘For in him we live and move and have our being.’ As some of your own poets have said, ‘We are his offspring.’ “Therefore since we are God’s offspring, we should not think that the divine being is like gold or silver or stone—an image made by human design and skill. In the past God overlooked such ignorance, but now he commands all people everywhere to repent. For he has set a day when he will judge the world with justice by the man he has appointed. He has given proof of this to everyone by raising him from the dead.” When they heard about the resurrection of the dead, some of them sneered, but others said, “We want to hear you again on this subject.” At that, Paul left the Council. Some of the people became followers of Paul and believed. Among them was Dionysius, a member of the Areopagus, also a woman named Damaris, and a number of others.

Travay 17:21-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il se trouve, en effet, que tous les Athéniens, et les étrangers qui résidaient dans leur ville, passaient le plus clair de leur temps à dire ou à écouter les dernières nouvelles.) Alors Paul se leva au milieu de l’Aréopage et dit : Athéniens, je vois que vous êtes, à tous égards, extrêmement soucieux d’honorer les divinités. En effet, en parcourant les rues de votre ville et en examinant vos monuments sacrés, j’ai même découvert un autel qui porte cette inscription : A un dieu inconnu. Ce que vous révérez ainsi sans le connaître, je viens vous l’annoncer. Dieu, qui a créé l’univers et tout ce qui s’y trouve, et qui est le Seigneur du ciel et de la terre, n’habite pas dans des temples bâtis de mains d’hommes. Il n’a pas besoin non plus d’être servi par des mains humaines, comme s’il lui manquait quelque chose. Au contraire, c’est lui qui donne à tous les êtres la vie, le souffle et toutes choses. A partir d’un seul homme, il a créé tous les peuples pour qu’ils habitent toute la surface de la terre ; il a fixé des périodes déterminées et établi les limites de leurs domaines. Par tout cela, Dieu invitait les hommes à le chercher, et à le trouver, peut-être, comme à tâtons, lui qui n’est pas loin de chacun de nous. En effet, « c’est en lui que nous avons la vie, le mouvement et l’être », comme l’ont aussi affirmé certains de vos poètes, car « nous sommes ses enfants ». Ainsi, puisque nous sommes ses enfants, nous ne devons pas imaginer la moindre ressemblance entre la divinité et ces idoles en or, en argent ou en marbre que peuvent produire l’art ou l’imagination des hommes. Or Dieu ne tient plus compte des temps où les hommes ne le connaissaient pas. Aujourd’hui, il leur annonce à tous, et partout, qu’ils doivent changer. Car il a fixé un jour où il jugera le monde entier en toute justice, par un homme qu’il a désigné pour cela, ce dont il a donné à tous une preuve certaine en le ressuscitant. Lorsqu’ils entendirent parler de résurrection, les uns se moquèrent de Paul, et les autres lui dirent : Nous t’écouterons là-dessus une autre fois. C’est ainsi que Paul se retira de leur assemblée. Cependant, quelques auditeurs se joignirent à lui et devinrent croyants, en particulier Denys, un membre de l’Aréopage, une femme nommée Damaris, et d’autres avec eux.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an