Trav 17:21-34

Trav 17:21-34 VKF

Selon koutim yo te genyen, tout moun Atèn ansanm ak tout etranje ki te vin viv nan mitan yo te pase tout tan yo ap rakonte osinon ap koute tout lide tounèf ki fèk parèt yo. Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil. Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: POU BONDYE NOU PA KONNEN AN. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a. Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo. Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen. Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv. Bondye te vle moun chache li, epi nan chache l kon sa toupatou, yo ta jwenn li. Men, Bondye pa lwen okenn nan nou. Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti. Kidonk, si nou tout se nan Bondye nou soti, nou pa ka panse Bondye se yon bagay imajinè osinon yon bagay moun kapab fè ak lò, ak lajan, osinon ak wòch yo taye. Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li. Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.” Lè yo tande Pòl pale de yon moun ki te resisite, gen ladan yo ki pase l nan rizib. Gen lòt menm ki di: “N ap gen pou n tande w plis sou sa yon lòt lè.” Se kon sa Pòl te soti nan mitan yo. Epoutan, gen kèk nan yo ki te vin atache ak Pòl epi ki te vin kwè nan Kris. Pami moun sa yo ki te kwè, te gen Dyonisyòs, ki te yon manm nan Areyopaj la, te gen yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak kèk lòt moun ankò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an