Travay 15:36-41
Travay 15:36-41 1998 Haïtienne (HAT98)
Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: — Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Senyè a. Ann al wè ki jan yo ye. Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. Men, Pòl pat kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l, paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pat rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. Lè sa a, yon diskisyon tèlman cho vin leve ant Pòl ak Banabas, sa fè yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran batiman, y'ale zile Chip. Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l favè l, li pati. Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi. Sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.
Travay 15:36-41 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après un certain temps, Paul dit à Barnabas : « Retournons visiter les croyants dans toutes les villes où nous avons annoncé la parole du Seigneur. Nous verrons comment ils vont. » Barnabas veut emmener avec eux Jean, appelé aussi Marc, mais Paul pense qu’il ne faut pas le faire. En effet, Jean-Marc les a quittés en Pamphylie et il ne les a plus accompagnés dans leur travail. Paul et Barnabas ne sont pas du tout d’accord et ils finissent par se séparer. Barnabas emmène Jean-Marc et prend le bateau pour Chypre, Paul choisit Silas. Les croyants confient Paul à l’amour du Seigneur, et il s’en va. Il traverse la Syrie et la Cilicie, en encourageant les Églises.
Travay 15:36-41 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: “M panse nou dwe retounen nan tout vil yo kote nou te preche moun yo mesaj Senyè a. Ann al wè kijan y ap boule.” Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la. Men, Pòl pa t kwè se te yon bon lide pou yo mennen jenn nonm nan ak yo, paske dènye fwa a, misye te kite yo nan Panfili. Li pa t chwazi rete nèt ak yo jouk yo te fin fè travay la. Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak. Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati. Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.
Travay 15:36-41 New International Version (NIV)
Some time later Paul said to Barnabas, “Let us go back and visit the believers in all the towns where we preached the word of the Lord and see how they are doing.” Barnabas wanted to take John, also called Mark, with them, but Paul did not think it wise to take him, because he had deserted them in Pamphylia and had not continued with them in the work. They had such a sharp disagreement that they parted company. Barnabas took Mark and sailed for Cyprus, but Paul chose Silas and left, commended by the believers to the grace of the Lord. He went through Syria and Cilicia, strengthening the churches.
Travay 15:36-41 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après quelque temps, Paul dit à Barnabas : Partons refaire le tour de toutes les villes où nous avons annoncé la Parole du Seigneur et rendons visite aux frères pour voir ce qu’ils deviennent. Mais Barnabas voulait emmener avec lui Jean, appelé aussi Marc, et Paul estimait qu’il ne convenait pas de prendre avec eux celui qui les avait abandonnés en Pamphylie et qui ne les avait pas accompagnés dans leur œuvre. Leur désaccord fut si profond qu’ils se séparèrent. Barnabas emmena Marc avec lui et s’embarqua pour Chypre. Paul, de son côté, choisit Silas et partit avec lui, après avoir été confié par les frères à la grâce du Seigneur. Il parcourut la Syrie et la Cilicie en fortifiant les Eglises.