Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: “M panse nou dwe retounen nan tout vil yo kote nou te preche moun yo mesaj Senyè a. Ann al wè kijan y ap boule.” Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la. Men, Pòl pa t kwè se te yon bon lide pou yo mennen jenn nonm nan ak yo, paske dènye fwa a, misye te kite yo nan Panfili. Li pa t chwazi rete nèt ak yo jouk yo te fin fè travay la. Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak. Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati. Yo vwayaje nan tout peyi Siri ak Silisi, yo t ap ede legliz yo vin pi solid.
Li Trav 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 15:36-41
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo