Travay 11:1-18

Travay 11:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou. Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li. Yo di li konsa: — Apa ou antre kay moun ki pa sikonsi yo epi ou manje ak yo met sou li! Lè sa a, Pyè rakonte yo sa k te pase nan tout ti detay. Li di yo: — Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen. Lè m gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwazo. Epi m tande yon vwa ki di m konsa: Leve non, Pyè, touye, manje. Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen. Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, pa di l pa bon pou yo. An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la. Menm lè a, twa moun ki te sòti Sezare vin rive nan kay kote m te ye a. Yo te voye yo chache mwen. Lespri a di m pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy. Kònèy rakonte nou ki jan l te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè). Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou. Mwen te konmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a. Lè sa a, mwen vin chonje sa Senyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n te mete konfyans nou nan Senyè Jezikri. Kisa m te ye menm pou m te fè tèt ak Bondye? Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l, yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.

Travay 11:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les apôtres et les croyants qui sont en Judée apprennent ceci : ceux qui ne sont pas juifs ont reçu, eux aussi, la parole de Dieu. Quand Pierre revient à Jérusalem, les croyants d’origine juive se mettent à discuter avec lui. Ils lui disent : « Tu es entré chez des gens qui ne sont pas circoncis et tu as mangé avec eux ! » Alors Pierre raconte tout ce qui s’est passé depuis le début. Il leur dit : « J’étais dans la ville de Joppé et je priais. J’ai vu quelque chose qui venait de Dieu. Un objet est descendu vers moi. Il ressemblait à une grande toile qu’on tenait par les quatre coins. Elle est descendue du ciel et elle est arrivée jusqu’à moi. J’ai regardé avec attention ce qu’il y avait dans la toile, et j’ai vu des animaux à quatre pattes, des animaux qui rampent sur la terre et des oiseaux. J’ai entendu une voix qui me disait : “Pierre, lève-toi ! Tue et mange !” J’ai répondu : “Non, Seigneur ! Aucune nourriture interdite ou impure n’est jamais entrée dans ma bouche.” Une deuxième fois, j’ai entendu la voix qui venait du ciel. Elle disait : “Ce que Dieu a rendu pur, ne dis pas que c’est interdit !” Cela s’est produit trois fois, ensuite tout est remonté dans le ciel. Au même moment, trois hommes sont arrivés à la maison où j’étais. On les avait envoyés de Césarée pour me faire venir. L’Esprit Saint m’a dit : “Pars avec eux sans hésiter.” Les six frères que j’ai amenés ici m’ont accompagné à Césarée, et nous sommes entrés dans la maison de Corneille. Voici ce que Corneille nous a raconté : “J’ai vu un ange dans ma maison. Il m’a dit : Envoie des hommes à Joppé pour faire venir Simon qu’on appelle aussi Pierre. Il te dira les paroles par lesquelles Dieu va te sauver, toi et toute ta famille.” Après cela, moi, Pierre, j’ai commencé à parler à Corneille et aux autres. Pendant que je parlais, l’Esprit Saint est descendu sur eux, comme il est descendu sur nous au début. Je me suis souvenu de cette parole du Seigneur : “Jean a baptisé avec de l’eau. Mais vous, vous serez baptisés dans l’Esprit Saint.” Dieu leur a fait le même don qu’à nous quand nous avons cru au Seigneur Jésus-Christ. Donc, est-ce que moi, je pouvais empêcher Dieu d’agir ? » En entendant ces paroles, les croyants deviennent plus calmes. Ils disent : « Gloire à Dieu ! Oui, c’est vrai, ceux qui ne sont pas juifs peuvent aussi changer leur vie et entrer dans la vraie vie ! C’est Dieu qui leur donne cela. »

Travay 11:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif yo tonbe kritike l. Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!” Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje! Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje. Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje! Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. Epi se kon sa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou. Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an. Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?” Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.

Travay 11:1-18 New International Version (NIV)

The apostles and the believers throughout Judea heard that the Gentiles also had received the word of God. So when Peter went up to Jerusalem, the circumcised believers criticized him and said, “You went into the house of uncircumcised men and ate with them.” Starting from the beginning, Peter told them the whole story: “I was in the city of Joppa praying, and in a trance I saw a vision. I saw something like a large sheet being let down from heaven by its four corners, and it came down to where I was. I looked into it and saw four-footed animals of the earth, wild beasts, reptiles and birds. Then I heard a voice telling me, ‘Get up, Peter. Kill and eat.’ “I replied, ‘Surely not, Lord! Nothing impure or unclean has ever entered my mouth.’ “The voice spoke from heaven a second time, ‘Do not call anything impure that God has made clean.’ This happened three times, and then it was all pulled up to heaven again. “Right then three men who had been sent to me from Caesarea stopped at the house where I was staying. The Spirit told me to have no hesitation about going with them. These six brothers also went with me, and we entered the man’s house. He told us how he had seen an angel appear in his house and say, ‘Send to Joppa for Simon who is called Peter. He will bring you a message through which you and all your household will be saved.’ “As I began to speak, the Holy Spirit came on them as he had come on us at the beginning. Then I remembered what the Lord had said: ‘John baptized with water, but you will be baptized with the Holy Spirit.’ So if God gave them the same gift he gave us who believed in the Lord Jesus Christ, who was I to think that I could stand in God’s way?” When they heard this, they had no further objections and praised God, saying, “So then, even to Gentiles God has granted repentance that leads to life.”

Travay 11:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Les apôtres et les frères qui habitaient la Judée apprirent que les non-Juifs venaient d’accepter la Parole de Dieu. Et dès que Pierre fut de retour à Jérusalem, les croyants d’origine juive lui firent des reproches : Comment ! lui dirent-ils, tu es entré chez des incirconcis et tu as mangé avec eux ! Mais Pierre se mit à leur exposer, point par point, ce qui s’était passé. – Pendant mon séjour à Jaffa, dit-il, j’étais en train de prier, quand je suis tombé en extase et j’ai eu une vision : une sorte de grande toile, tenue aux quatre coins, est descendue du ciel et elle est venue tout près de moi. J’ai regardé attentivement ce qu’il y avait dedans et j’ai vu des quadrupèdes, des bêtes sauvages, des reptiles et des oiseaux. J’ai entendu alors une voix qui me disait : « Lève-toi, Pierre, tue ces bêtes et mange-les. » Mais j’ai répondu : « Oh ! non, Seigneur, car jamais de ma vie je n’ai rien mangé de souillé ou d’impur. » La voix céleste s’est fait entendre une deuxième fois : « Ce que Dieu a déclaré pur, ce n’est pas à toi de le considérer comme impur. » Cela est arrivé trois fois, puis tout a disparu dans le ciel. Et voilà qu’au même moment trois hommes sont arrivés à la maison où nous nous trouvions. Ils venaient de Césarée et avaient été envoyés vers moi. Alors l’Esprit me dit d’aller avec eux sans hésiter. Je pris donc avec moi les six frères que voici et nous nous sommes rendus chez cet homme. Celui-ci nous a raconté qu’un ange lui était apparu dans sa maison et lui avait dit : « Envoie quelqu’un à Jaffa pour faire venir chez toi Simon, surnommé Pierre. Il te dira comment toi et tous les tiens vous serez sauvés. » J’ai donc commencé à leur parler, quand l’Esprit Saint est descendu sur eux, de la même manière qu’il était descendu sur nous au commencement. Aussitôt, je me suis souvenu de cette parole du Seigneur : Jean a baptisé dans de l’eau, mais vous, vous serez baptisés dans le Saint-Esprit. Puisque Dieu leur a accordé le même don qu’à nous quand nous avons cru, qui étais-je, moi, pour pouvoir m’opposer à Dieu ? Ce récit les apaisa et ils louèrent Dieu et dirent : Dieu a aussi donné aux non-Juifs de changer pour recevoir la vie.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an