2 Korent 5:11-15
2 Korent 5:11-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l gentan konnen m nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m tou. Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans. Si jan yo di l la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa. Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a.
2 Korent 5:11-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Respecter Dieu avec confiance, nous savons ce que cela veut dire. C’est pourquoi nous cherchons à persuader les gens. Dieu nous connaît parfaitement, et j’espère que vous aussi, au fond de vos cœurs, vous nous connaissez parfaitement. Nous n’allons pas chercher encore une fois à nous mettre en avant, mais nous voulons vous donner l’occasion d’être fiers de nous. Alors vous pourrez répondre à ceux qui se vantent pour des choses visibles, et non pour ce qui est dans le cœur. Si nous avons été fous, c’est pour Dieu. Si nous sommes raisonnables, c’est pour vous. L’amour du Christ remplit notre cœur quand nous pensons à ceci : un seul homme est mort pour tous, c’est le Christ, donc, tous participent à sa mort. Il est mort pour tous, ainsi les vivants ne vivent plus pour eux-mêmes. Ils vivent pour le Christ qui est mort pour eux et qui, pour eux, s’est réveillé de la mort.
2 Korent 5:11-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.
2 Korent 5:11-15 New International Version (NIV)
Since, then, we know what it is to fear the Lord, we try to persuade others. What we are is plain to God, and I hope it is also plain to your conscience. We are not trying to commend ourselves to you again, but are giving you an opportunity to take pride in us, so that you can answer those who take pride in what is seen rather than in what is in the heart. If we are “out of our mind,” as some say, it is for God; if we are in our right mind, it is for you. For Christ’s love compels us, because we are convinced that one died for all, and therefore all died. And he died for all, that those who live should no longer live for themselves but for him who died for them and was raised again.
2 Korent 5:11-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pourquoi, sachant ce qu’est la crainte du Seigneur, nous cherchons à convaincre les hommes, et Dieu sait parfaitement ce que nous sommes. J’espère d’ailleurs que, dans votre conscience, vous le savez, vous aussi. Nous ne nous recommandons pas à nouveau auprès de vous. Nous voulons seulement vous donner de bonnes raisons d’être fiers de nous. Ainsi vous saurez répondre à ceux qui trouvent des raisons de se vanter dans les apparences et non dans leur cœur. Quant à nous, s’il nous est arrivé de dépasser la mesure, c’est pour Dieu. Si nous montrons de la modération, c’est pour vous. En effet, l’amour de Christ nous étreint, car nous avons acquis la certitude qu’un seul homme est mort pour tous : donc tous sont morts en lui. Et il est mort pour tous afin que ceux qui vivent ne vivent plus pour eux-mêmes, mais pour celui qui est mort à leur place et ressuscité pour eux.