Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.
Li 2 Kor 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 5:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo