2 Korent 4:13-18
2 Korent 4:13-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale. Mwen konnen Bondye ki te fè Senyè Jezi leve sòti vivan nan lanmò a, li gen pou l fè m tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l fè m parèt ansanm ak nou devan li. Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li. Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn. Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
2 Korent 4:13-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Livres Saints disent : « J’ai cru, c’est pourquoi j’ai parlé. » La même foi nous fait agir. Nous croyons, nous aussi, et c’est pourquoi nous parlons. Oui, nous le savons : Dieu a réveillé le Seigneur Jésus de la mort. Il nous réveillera, nous aussi, avec Jésus et il nous placera avec vous, auprès de lui. Tout ce qui arrive, c’est pour vous. De cette façon, puisque les bienfaits de Dieu se répandent de plus en plus, vous serez toujours plus nombreux à le remercier et à lui rendre gloire tous ensemble. C’est pourquoi nous ne sommes pas découragés. Et même si notre corps s’use petit à petit, ce qui est au fond de nous devient chaque jour nouveau. Oui, nos souffrances actuelles sont légères et durent peu de temps, mais elles nous préparent une gloire extraordinaire. Cette gloire dure toujours et elle est beaucoup plus grande que nos souffrances. Nous, nous ne cherchons pas ce qu’on peut voir, nous cherchons les choses qu’on ne voit pas. En effet, ce qu’on peut voir ne dure pas longtemps, mais les choses qu’on ne voit pas durent toujours.
2 Korent 4:13-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.” Se kon sa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa. Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou. Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi. Konsa nou pa konsantre panse nou sou sa n wè, men nou konsantre panse nou pito sou sa nou paka wè. Sa nou wè jodi a la pou yon tan. Sa nou pa ka wè a, li la pou letènite.
2 Korent 4:13-18 New International Version (NIV)
It is written: “I believed; therefore I have spoken.” Since we have that same spirit of faith, we also believe and therefore speak, because we know that the one who raised the Lord Jesus from the dead will also raise us with Jesus and present us with you to himself. All this is for your benefit, so that the grace that is reaching more and more people may cause thanksgiving to overflow to the glory of God. Therefore we do not lose heart. Though outwardly we are wasting away, yet inwardly we are being renewed day by day. For our light and momentary troubles are achieving for us an eternal glory that far outweighs them all. So we fix our eyes not on what is seen, but on what is unseen, since what is seen is temporary, but what is unseen is eternal.
2 Korent 4:13-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Nous sommes animés de ce même esprit de foi dont il est question dans cette parole de l’Ecriture : J’ai cru, voilà pourquoi j’ai parlé . Nous aussi nous croyons, et c’est pour cela que nous parlons. Nous savons en effet que Dieu, qui a ressuscité le Seigneur Jésus, nous ressuscitera aussi avec Jésus, et nous fera paraître, avec vous, en sa présence. Ainsi, tout ce que nous endurons, c’est à cause de vous, pour que la grâce abonde en atteignant des hommes toujours plus nombreux, et qu’ainsi augmente le nombre des prières de reconnaissance à la gloire de Dieu. Voilà pourquoi nous ne perdons pas courage. Et même si notre être extérieur se détériore peu à peu, intérieurement, nous sommes renouvelés de jour en jour. En effet, nos détresses présentes sont passagères et légères par rapport au poids insurpassable de gloire éternelle qu’elles nous préparent. Et nous ne portons pas notre attention sur les choses visibles, mais sur les réalités encore invisibles. Car les réalités visibles ne durent qu’un temps, mais les invisibles demeureront éternellement.