1 Pyè 4:8-11
1 Pyè 4:8-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
1 Pyè 4:8-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Avant tout, aimez-vous de tout votre cœur, parce que « l’amour efface beaucoup de péchés » . Recevez-vous les uns les autres dans vos maisons sans vous plaindre. Mettez-vous au service des autres, selon le don que chacun a reçu. Soyez comme de bons serviteurs qui prennent soin des dons variés de Dieu. Celui qui parle doit être le porte-parole de Dieu. Celui qui sert doit servir avec la force que Dieu donne. Alors, tous rendront gloire à Dieu en toutes choses par Jésus-Christ. À lui la gloire et la puissance pour toujours ! Amen.
1 Pyè 4:8-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche. Ouvri kay nou youn bay lòt san plenyen. Se pou chak moun sèvi ak don Bondye ba yo pou byennèt lòt moun. Se kon sa n ap ka byen jere don Bondye ban nou yo. Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.
1 Pyè 4:8-11 New International Version (NIV)
Above all, love each other deeply, because love covers over a multitude of sins. Offer hospitality to one another without grumbling. Each of you should use whatever gift you have received to serve others, as faithful stewards of God’s grace in its various forms. If anyone speaks, they should do so as one who speaks the very words of God. If anyone serves, they should do so with the strength God provides, so that in all things God may be praised through Jesus Christ. To him be the glory and the power for ever and ever. Amen.
1 Pyè 4:8-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Avant tout, aimez-vous ardemment les uns les autres, car l’amour garde le silence sur un grand nombre de péchés . Exercez l’hospitalité les uns envers les autres, sans vous plaindre. Chacun de vous a reçu de Dieu un don de la grâce particulier : qu’il l’exerce au service des autres comme un bon gérant de la grâce infiniment variée de Dieu. Que celui qui parle transmette les paroles de Dieu. Que celui qui sert accomplisse sa tâche avec la force que Dieu donne. Agissez en toutes ces choses de manière à ce que la gloire en revienne à Dieu par Jésus-Christ, à qui appartiennent la gloire et la puissance pour l’éternité. Amen !