1 Pyè 3:13-22

1 Pyè 3:13-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè? Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen yo bay Bondye. Li mouri, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li resisite nan lanmò. Ak pouvwa menm Lespri a, li t'al preche nanm ki nan prizon yo, nanm moun tan lontan ki te derefize kwè nan Bondye lè li t'ap pran pasyans pou yo pandan Noye t'ap bati gwo batiman an. Nan batiman sa a, se wit moun ase ki te antre sove anba dlo inondasyon an. Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou kounyeya. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve sòti vivan nan lanmò, ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

1 Pyè 3:13-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Si vous cherchez à faire le bien de tout votre cœur, qui vous fera du mal ? Et puis, si un jour vous souffrez parce que vous faites le bien, quel bonheur pour vous ! N’ayez pas peur des gens et ne vous laissez pas troubler ! Mais reconnaissez dans vos cœurs que le Christ seul est saint, il est votre Seigneur. Quand on vous demande pourquoi vous espérez, soyez toujours prêts à donner des explications. Mais faites-le avec douceur et respect, avec une conscience pure. Alors, quand des gens vous accusent faussement sur un point, quand ils vous insultent parce que vous vous conduisez en chrétiens, ils seront couverts de honte. Oui, il vaut mieux souffrir en faisant le bien, si Dieu veut cela, plutôt que de souffrir en faisant le mal. En effet, le Christ lui-même est mort une fois pour toutes pour les péchés des êtres humains. Lui qui était innocent, il est mort pour des coupables, afin de vous conduire à Dieu. Lui, il a été tué dans son corps, mais l’Esprit Saint lui a rendu la vie. Alors il est allé annoncer la Bonne Nouvelle aux morts qui étaient en prison. Ces morts sont ceux qui ont désobéi à Dieu autrefois, quand Dieu faisait durer sa patience. C’était au moment où Noé construisait son bateau. Peu de personnes, huit en tout, sont entrées dans ce bateau et ont été sauvées à travers l’eau. C’est une image du baptême qui vous sauve aujourd’hui, vous aussi. Le sens du baptême n’est pas d’enlever les saletés du corps, mais de répondre à l’appel de Dieu avec une conscience pure. Le baptême vous sauve, parce que Jésus-Christ s’est levé de la mort. Il est monté au ciel, il est à la droite de Dieu. Maintenant, les anges et les esprits qui ont du pouvoir et de la puissance sont sous son autorité.

1 Pyè 3:13-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.” Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di. Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle. Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l. Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò. Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.

1 Pyè 3:13-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

D’ailleurs, qui vous fera du mal si vous vous appliquez avec zèle à faire ce qui est bien ? Et même s’il vous arrivait de souffrir parce que vous faites ce qui est juste, vous seriez heureux. Ne craignez pas les hommes, ne vous laissez pas troubler. Dans votre cœur, reconnaissez le Seigneur – c’est-à-dire Christ – comme saint  ; si l’on vous demande de justifier votre espérance, soyez toujours prêts à la défendre, avec humilité et respect, et veillez à garder votre conscience pure. Ainsi, ceux qui disent du mal de votre bonne conduite, qui découle de votre union à Christ, auront à rougir de leurs calomnies. Car il vaut mieux souffrir en faisant le bien, si telle est la volonté de Dieu, qu’en faisant le mal. Christ lui-même a souffert la mort pour les péchés, une fois pour toutes. Lui l’innocent, il est mort pour des coupables, afin de vous conduire à Dieu. Il a été mis à mort dans son corps mais il a été ramené à la vie par l’Esprit. C’est aussi par cet Esprit qu’il a proclamé sa victoire aux esprits célestes en prison, ceux qui autrefois s’étaient montrés rebelles, alors que Dieu faisait preuve de patience à l’époque où Noé construisait le bateau. Un petit nombre de personnes, huit en tout, y furent sauvées à travers l’eau. C’est ainsi que vous êtes sauvés maintenant, vous aussi : ces événements préfiguraient le baptême. Celui-ci ne consiste pas à laver les impuretés du corps, mais à s’engager envers Dieu avec une conscience pure. Tout cela est possible grâce à la résurrection de Jésus-Christ qui, depuis son ascension, siège à la droite de Dieu, et à qui les anges, les autorités et les puissances célestes sont soumis.

1 Pyè 3:13-22

1 Pyè 3:13-22 HAT981 Pyè 3:13-22 HAT98