1 Jan 5:6-12
1 Jan 5:6-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pat vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm. Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò. Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwanyaj Bondye bay pou Pitit li a. Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.
1 Jan 5:6-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus-Christ, c’est lui qui est venu avec l’eau et le sang . Il est venu, non pas avec l’eau seulement, mais avec l’eau et aussi avec le sang. L’Esprit de Dieu est témoin que cela est vrai. En effet, l’Esprit de Dieu est la vérité. Il y a trois témoins : l’Esprit, l’eau et le sang, et les trois sont d’accord. Quand des êtres humains sont témoins de quelque chose, nous les croyons. Mais quand Dieu est témoin, c’est bien plus fort ! Et voici le témoignage de Dieu : il a rendu témoignage à son Fils. Celui qui croit au Fils de Dieu porte ce témoignage dans son cœur. Celui qui ne croit pas en Dieu, celui-là fait de Dieu un menteur ! Il ne croit pas au témoignage que Dieu a rendu à son Fils. Voici ce témoignage : Dieu nous a donné la vie avec lui pour toujours, et son Fils est la source de cette vie. Celui qui a le Fils a la vie, celui qui n’a pas le Fils n’a pas la vie.
1 Jan 5:6-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a. Konsa, nou genyen twa temwayaj sou Jezi Jezikris: Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans. Si nou resevwa temwayaj lèzòm, enben temwayaj Bondye a pi gran. Men temwayaj Bondye a: Li rann temwayaj pou pwòp Pitit li a. Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a. Men temwayaj la: Bondye te ban nou lavi etènèl, epi lavi sa se nan Pitit la li ye. Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.
1 Jan 5:6-12 New International Version (NIV)
This is the one who came by water and blood—Jesus Christ. He did not come by water only, but by water and blood. And it is the Spirit who testifies, because the Spirit is the truth. For there are three that testify: the Spirit, the water and the blood; and the three are in agreement. We accept human testimony, but God’s testimony is greater because it is the testimony of God, which he has given about his Son. Whoever believes in the Son of God accepts this testimony. Whoever does not believe God has made him out to be a liar, because they have not believed the testimony God has given about his Son. And this is the testimony: God has given us eternal life, and this life is in his Son. Whoever has the Son has life; whoever does not have the Son of God does not have life.
1 Jan 5:6-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Celui qui est venu par l’eau et par le sang, c’est bien Jésus-Christ : il n’est pas passé seulement par l’eau du baptême, mais outre le baptême, il est passé par la mort en versant son sang. Et c’est l’Esprit qui lui rend témoignage, car l’Esprit est la vérité. Ainsi il y a trois témoins : l’Esprit, l’eau et le sang ; et les trois sont d’accord. Nous acceptons le témoignage des hommes ; mais le témoignage de Dieu est bien supérieur, et ce témoignage, c’est celui que Dieu a rendu à son Fils. Celui qui croit au Fils de Dieu possède ce témoignage en lui-même. Celui qui ne croit pas Dieu fait de lui un menteur, puisqu’il ne croit pas le témoignage que Dieu a rendu à son Fils. Et qu’affirme ce témoignage ? Il dit que Dieu nous a donné la vie éternelle et que cette vie est en son Fils. Celui qui a le Fils a la vie. Celui qui n’a pas le Fils de Dieu n’a pas la vie.