1 Jan 5

5
Pitit Bondye ranpòte laviktwa sou mond lan
1Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou. 2Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo. 3Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil. 4Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou. 5Kilès ki gen laviktwa sou mond lan, èske se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye a?
Bondye te pale nou de Pitit li a
6Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san.#5:6 dlo epi pa mwayen san Li pwobab pou sa ta yon referans ki fèt sou dlo batèm Jezi a epi san li te vèsè sou kwa a. Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a. 7Konsa, nou genyen twa temwayaj sou Jezi Jezikris: 8Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans.
9Si nou resevwa temwayaj lèzòm, enben temwayaj Bondye a pi gran. Men temwayaj Bondye a: Li rann temwayaj pou pwòp Pitit li a. 10Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a. 11Men temwayaj la: Bondye te ban nou lavi etènèl, epi lavi sa se nan Pitit la li ye. 12Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.
Kounye a nou deja gen lavi etènèl
13Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl. 14Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou. 15Epi si nou konnen l ap koute nou, nou konnen nou genyen sa nou mande l la.
16Si yon moun wè frè li oubyen sè li ap komèt yon peche, (yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl), li ta dwe priye pou Bondye bay moun sa a lavi, moun sa a k ap komèt yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl. Men genyen yon peche ki mennen nan lanmò etènèl, se pa pou li m ap mande nou priye. 17Tout enjistis se peche, men genyen yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl.
18Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li.#5:18 Pitit Bondye a ap veye sou li Literalman, “Moun Bondye te bay nesans lan ap pwoteje l” oubyen “… ap pwoteje pwòp tèt li”. Satan pa gen dwa touche l. 19Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan. 20Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la. 21Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Jan 5: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an