1 Korent 6:1-11

1 Korent 6:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li? Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Se konnen nou pa konnen nou gen pou n jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n pa ta kapab jije. Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou. Mwen wont pou nou. Konsa, genlè pa gen pèsonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt, kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou? Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwosè yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

1 Korent 6:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand vous avez une querelle entre vous, vous faites juger l’affaire par des juges qui ne connaissent pas Dieu, et non par des gens qui appartiennent à Dieu. Comment osez-vous faire cela ? Ceux qui appartiennent à Dieu jugeront le monde, vous ne savez donc pas cela ? Et si c’est vous qui devez juger le monde, est-ce que vous n’êtes pas capables de juger les affaires peu importantes ? C’est nous qui jugerons les anges, vous ne savez donc pas cela ? Alors, nous pouvons bien juger les affaires de cette vie ! Pourtant, quand vous avez des procès pour des affaires de ce genre, vous prenez comme juges des gens que l’Église compte pour rien ! Je le dis, et c’est une honte pour vous. Il n’y a donc parmi vous aucune personne sage, capable de servir d’arbitre entre un chrétien et un autre ? Mais un chrétien est en procès contre un autre, et cela devant des juges qui ne croient pas au Christ ! En tout cas, pour vous, c’est déjà un échec d’avoir des procès entre vous ! Pourquoi est-ce que vous ne préférez pas supporter l’injustice ? Pourquoi est-ce que vous ne laissez pas plutôt les autres voler ce qui est à vous ? Au contraire, c’est vous qui êtes injustes, c’est vous qui volez les autres ! Et ces autres sont vos frères et sœurs chrétiens ! Ceux qui font le mal n’auront pas de place dans le Royaume de Dieu. Vous ne savez donc pas cela ? Attention, comprenez bien ceci : ceux qui ont une vie immorale, ceux qui adorent les faux dieux, ceux qui sont adultères, les hommes qui couchent avec des jeunes gens, les voleurs, les avares, ceux qui boivent trop, ceux qui insultent les autres, les bandits, ces gens-là n’auront pas de place dans le Royaume de Dieu ! Voilà ce que certains parmi vous étaient autrefois. Mais notre Dieu vous a lavés du péché, il vous a choisis pour lui, il vous a rendus justes au nom du Seigneur Jésus-Christ et par l’Esprit Saint.

1 Korent 6:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè youn nan nou gen kont ak lòt kwayan nan Kris, pouki nou trennen yo devan jij ki pa konnen Bondye olye nou regle bagay la nan kad legliz? Kòman nou fè pa konnen moun ki apa pou Bondye yo gen pou jije lemonn antye? Kòman fè yo gwo travay kon sa ap tann nou epi pou pa ka regle ti bagay sa yo? Èske nou pa konnen nou jije anj yo? Nan ka sa a, mwen pa menm bezwen pale pou ti bagay òdinè lavi chak jou. Donk, lè nou bezwen regle pwoblèm konsa, pa trennen yon lòt kwayan devan jij ki pa gen anyen pou wè ak legliz. Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou? Sa rèd pou wè yon kwayan an Kris ap trennen yon lòt kwayan nan tribinal devan jij ki pa kwè nan Bondye. Se deja yon wont pou nou youn ap fè lòt pwosè epi li t ap pi bon pou nou sipòte lenjistis. Pouki nou pa aprann di: zafè! Menmsi lòt moun vòlè afè nou? Poutan se nou k ap fè lòt kwayan parèy nou mal, se nou k ap vòlè. Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun, moun k ap vòlè, moun ki lanvi sou afè moun, bwasonyè, medizan, bandi, moun kon sa pa gen plas yo nan wayòm Bondye a. Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.

1 Korent 6:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Lorsque l’un de vous a un différend avec un frère ou une sœur, comment ose-t-il le citer en justice devant des juges incroyants au lieu de recourir à l’arbitrage des membres du peuple saint ? Ignorez-vous que ceux-ci auront un jour à juger le monde ? Si donc vous êtes destinés à être les juges du monde, seriez-vous incapables de vous prononcer sur des questions bien moins importantes ? Ne savez-vous pas que nous jugerons même les anges ? Et nous serions incompétents pour les affaires de la vie présente ! Or, si vous avez des litiges au sujet des affaires de la vie courante, vous prenez comme juges des gens qui ne comptent pour rien dans l’Eglise ! Je le dis à votre honte ! N’y a-t-il vraiment pas un seul homme sage parmi vous qui puisse servir d’arbitre entre ses frères ? Faut-il qu’on se traîne en justice entre frères et qu’on aille plaider l’un contre l’autre devant des incroyants ? De toute façon, vos différends constituent déjà une défaite. Pourquoi ne souffrez-vous pas plutôt l’injustice ? Pourquoi ne consentez-vous pas plutôt à vous laisser dépouiller ? Mais non, c’est au contraire vous qui commettez des injustices et dépouillez les autres, et ce sont vos frères et sœurs que vous traitez ainsi ! Ne savez-vous pas que ceux qui pratiquent l’injustice n’auront aucune part au royaume de Dieu ? Ne vous y trompez pas : il n’y aura point de part dans l’héritage de ce royaume pour les débauchés, les idolâtres, les adultères, les pervers ou les homosexuels, ni pour les voleurs, les avares, pas plus que pour les ivrognes, les calomniateurs ou les malhonnêtes. Voilà bien ce que vous étiez, certains d’entre vous. Mais vous avez été lavés, vous avez été purifiés du péché, vous en avez été déclarés justes au nom du Seigneur Jésus-Christ et par l’Esprit de notre Dieu.