Sophonie 1

1
1Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2“Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.#Jen 6:7 3Mwen va retire ni #És 6:11,12lòm, ni bèt. Mwen va retire #Jr 4:25 zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. 4Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va #Mi 5:13koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout #II Wa 23:5 prèt zidòl yo, 5sila ki adore sou #II Wa 23:12 twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa #I Wa 11:5,23Milcom, 6sila ki te #És 1:4vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki #És 9:13 pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 # Hab 2:20 Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske #So 1:14 jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. 8Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va #És 24:21pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak #És 2:6 vètman etranje yo. 9Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.#Jr 5:27
10Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan #II Kwo 33:14Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan #II Kwo 34:22 dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp #So 2:5 Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki #Jr 48:11deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a #Éz 8:12 p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” 13Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va #Am 5:11 bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14Pre rive se #Jr 30:7gran #Éz 7:7-12 jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou #És 22:5gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou #Jl 2:2,31 tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16Yon jou #És 27:13 twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17Mwen va mennen #Jr 10:18gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache #Det 28:29 tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18Ni #Éz 7:19ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men #So 3:8 tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.

Chwazi Kounye ya:

Sophonie 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte