Zacharie 7

7
1Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.#Né 1:1 2Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou #I Wa 13:6 chache favè SENYÈ a, 3pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”#Esd 3:10-12; Za 8:19
4Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan #Za 1:12swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou #És 1:11,12 Mwen ke nou te fè jèn nan? 6Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? 7Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap #Jr 22:21; Jr 13:19 pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
8Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: #Éz 18:8‘Ekzekite vrè jijman, e pratike #II Sam 9:7 ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10#Egz 22:22Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni #Sòm 21:11 pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11Men yo te #Jr 5:3 refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12Yo te fè #II Kwo 36:13kè yo di tankou #Jr 17:1 silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. 13Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa #Pwov 1:24-28 yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. 14Men Mwen va #Det 4:27gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou #És 60:15 pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”

Chwazi Kounye ya:

Zacharie 7: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte