Zacharie 3

3
1Konsa, li te montre mwen #Esd 5:2Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak #I Kwo 21:1 Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2SENYÈ a te di a Satan: #Am 4:11 “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
3Alò, Josué te abiye ak #Esd 9:15 rad sal, e te kanpe devan zanj lan. 4Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: #És 43:25“Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te #Mi 7:18,19 retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
5Mwen te di: “Kite yo mete yon #Job 29:14tiban pwòp sou tèt li.”
Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
6Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di: 7“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va #I Wa 3:14 mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. 8Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an #És 11:1 Scion an. 9Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va #Jr 31:34 retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. 10Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba #I Wa 4:25 pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”

Chwazi Kounye ya:

Zacharie 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte